SIVIVAN NAN BROWARD COUNTY YO TA DWE RETE AN KONTAK AK FEMA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230727/broward-county-survivors-should-keep-touch-fema] Release Date: July 27, 2023 LAKE MARY, FLA. Apati 26 jiyè 2023, yo te apwouve $34,1 milyon dola pou Asistans Endividyèl, $171,5 milyon dola te apwouve nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (NFIP) ak Administrasyon Ti Biznis (SBA) te apwouve $26,4 milyon dola . Si w te aplike pou asistans FEMA apre gwo tanpèt, tònad ak inondasyon nan Broward County, kontinye asire w ke FEMA gen dènye enfòmasyon pou kontakte w. Sonje byen, ou gen 60 jou apati dat lèt kalifikasyon FEMA ou a pou w depoze yon kontestasyon.  Aplikan yo ta dwe mete FEMA okouran imedyatman konsènan chanjman nan asirans, sitiyasyon lojman aktyèl, nimewo telefòn, adrès postal oswa preferans peman yo. Enfòmasyon ki manke oswa ki pa kòrèk ka retade asistans finansye ou ka elijib pou resevwa a. Lè w ap kontakte FEMA, al gade nan nimewo nèf chif yo te ba w lè w te aplike. Pou mete enfòmasyon w yo ajou, vizit DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov] epi klike sou ikòn vèt ki gen tit “Check Status,” epi suiv enstriksyon yo pou kreye yon kont oswa pou w jwenn aksè nan kont ou. Ou ka rele tou 800-621-3362 soti 7 a.m. rive 1 a.m. ET, sèt jou sou sèt. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre gwo tanpèt, tònad ak inondasyon, vizite floridadisaster.org/info [https://www.floridadisaster.org/info]  ak fema.gov/disaster/4709 [https://www.fema.gov/disaster/4709]. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter [https://www.twitter.com/femaregion4] ak nan facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].