27 JWEN SE DAT LIMIT POU OU APLIKE POU ASISTANS FEDERAL NAN BROWARD COUNTY [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230626/june-27-deadline-apply-federal-assistance-broward-county] Release Date: Jen 26, 2023 LAKE MARY, FLORIDA – Si rezidans prensipal ou a se nan Broward County epi ou te sibi domaj oswa pèt nan gwo tanpèt ak inondasyon an avril, pa rete tann ankò. Dat limit pou aplike pou asistans federal la se 27 JWEN 2023. FEMA gendwa kapab ede ak asistans pou lokasyon oswa lòt depans ki gen rapò ak katastwòf, epi si w se yon pwopriyetè kay, FEMA kapab ede w tou ak reparasyon esansyèl lakay ou ki pa kouvri pa asirans.  Pwopriyetè kay ak lokatè nan Broward County ka rele 800-621-3362, vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas, ale anliy nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/] oswa itilize aplikasyon FEMA an [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-products#download]. Gen yon Sant Rekiperasyon Dezas ki ap fonksyonen nan Hortt Park nan Fort Lauderdale jiska Jedi 29 jwen. Li ouvè jou Madi rive Jedi, 9:00 am rive 8:00 pm. Dat limit pou voye yon aplikasyon pou prè pou katastwòf ba U.S. Small Business Administration (SBA) se 26 jwen. Aplikan yo ka itilize Aplikasyon ELektwonik pou Prè a anliy atravè sit entèèt sekirize SBA an nan DisasterLoanAssistance.sba.gov/ela/s/ [https://disasterloanassistance.sba.gov/ela/s/]. Pou w jwenn enfòmasyon ak fòmilè aplikasyon pou prè pou katastwòf lan, ou ka rele Sèvis Alakliyantèl SBA nan 800-659-2955 oswa voye yon imel nan DisasterCustomerService@sba.gov. Dat limit pou retounen aplikasyon SBA pou pwoblèm ekonomik se 29 janvye 2024. Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon an nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4709 [https://www.fema.gov/disaster/4709] ak  floridadisaster.org/. [https://www.floridadisaster.org/] Swiv nou sou Twitter: @FLSERT [https://twitter.com/FLSERT] ak @FEMARegion4 [https://twitter.com/femaregion4].