SANT REKIPERASYON DEZAS MOBIL NAN BROWARD COUNTY PRAL FÈMEN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230609/mobile-disaster-recovery-center-broward-county-close] Release Date: Jen 9, 2023 LAKE MARY, FLA. – Sant Rekiperasyon Dezas Mobil yo te pase plizyè fwa nan Broward County pou li rankontre moun ki te viktim gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te pase 12-14 avril yo. Sant Mobil Rekiperasyon Dezas ki nan adrès sa ap fèmen nan dat 10 Jwen 2023 a 8 pm. * Big Easy Casino, NE Parking Lot, 831 N Federal Highway nan Hallandale Beach ap rete ouvè jodia 9 jwe ak demen , 10 jwen. Lè operasyon pou sant rekiperasyon dezas yo se 9:00 am rive 8:00 pm, si kondisyon metewolojik yo pèmèt sa. Sant Rekiperazsyon Dezas Fiks yo rete ouvè nan: HORTT PARK, 1700 SW 14TH COURT NAN FORT LAUDERDALE ak SADKIN COMMUNITY CENTER, 1176 NW 42ND WAY IN LAUDERHILL Lè yo se Lendi rive Samdi, 9 am rive 8 pm. Yo fèmen jou Dimanch. Sant Rekiperasyon Dezas yo bay sivivan katastwòf yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta Florid yo, FEMA, ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Sivivan yo ka jwenn èd pou aplike pou asistans federal, aprann sou kalite asistans ki disponib, aprann sou pwosesis apèl la epi jwenn mizajou sou aplikasyon yo. An plis de sa, pou w aplike, ou ka ale sou entènèt nan disasterassistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], ou ka itilize aplikasyon Mobil FEMA [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-app-text-messages] an oswa rele 800-621-3362, 7 am rive 11 pm ET chak jou. W ap jwenn èd nan preske tout lang yo. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a. Sant Rekiperasyon Dezas yo aksesib pou moun ki andikap yo. Yo gen ekipman teknoloji asistans ki pèmèt sivivan katastwòf yo kominike avèk anplwaye yo. Entèpretasyon pa Videyo Adistans disponib epi langaj siy an pèsòn disponib sou demann. Sant yo gen pakin aksesib tou, ranp, ak twalèt. Anplis de sant yo, ekip Asistans Sivivan Kastastwòf (Disaster Survivor Assistance - DSA) FEMA an ap fè rechèch nan kominote ki afekte nan gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te fèt 12-14 avril nan Broward County pou ede rezidan yo aplike pou asistans FEMA epi reponn kesyon sou asistans federal. Manm ekip DSA yo mete inifòm FEMA epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo. Ou pa p peye pou sèvis la. Asistans Endividyèl FEMA ka ede ak depans lojman tanporè, reparasyon debaz lakay yo ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak katastwòf. Pou yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou asistans ale nan Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance (Twa Fason pou Enskri pou Asistans pou Katastwòf FEMA) - YouTube [https://www.youtube.com/watch?v=LU7wzRjByhI]. Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon an nan Florid, vizite fema.gov/disaster/4709 [https://www.fema.gov/disaster/4709] ak floridadisaster.org/. [https://www.floridadisaster.org/info] Swiv nou sou Twitter: @FLSERT [https://twitter.com/FLSERT] ak @FEMARegion4 [https://twitter.com/femaregion4].