FON MITIGASYON FEMA A EDE PWOPRIYETÈ KAY YO REBATI PI SOLID [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230403/fema-mitigation-funds-help-homeowners-rebuild-stronger] Release Date: March 31, 2023 LAKE MARY, FLA. – Plis pase 50,000 pwopriyetè Laflorid te resevwa lajan nan men FEMA pou rebati kay yo pi solid apre siklòn Ian. Kòm yon pati nan angajman li pou ogmante rezistans, FEMA te bay $37.3 milyon dola jiska dat pou asistans pou mitigasyon pwopriyetè kay yo. Pwopriyetè kay ki apwouve pou asistans reparasyon kay atravè Pwogram Endividi ak Fanmi ajans lan ka resevwa lajan anplis pou plizyè mezi rediksyon [https://www.fema.gov/fact-sheet/hazard-mitigation-under-individuals-and-households-program]. Yo bay finansman pou mezi mitigasyon pou rezidans prensipal pwopriyetè yo okipe yo ak atik espesifik ki andomaje yo epi kòz domaj yo.  Paske dezas ka rive san atann, pran mezi pou ranfòse, repare ak rekonstwi, enpòtan anpil pou kominote ak rezistans pèsonèl. Mezi mitigasyon sa yo ka kouvri pou aplikan ki elijib yo : * Reparasyon do-kay pou kenbe tèt ak pi gwo vitès van epi ede anpeche enfiltrasyon dlo. * Leve yon aparèy chofaj dlo oswa yon gwo founo dife pou evite domaj inondasyon nan lavni. * Leve oswa deplase yon panèl elektrik pou evite domaj inondasyon nan lavni. Mezi sa yo pral pèmèt pwopriyetè kay yo diminye domaj nan katastwòf alavni ak chans pou asistans federal nan lavni ki ap nesesè. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info [https://www.floridadisaster.org/info] and fema.gov/disaster/4673 [https://www.fema.gov/disaster/4673]. Swiv FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter [https://www.twitter.com/femaregion4] ak sou facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema].