SANT REKIPERASYON DEZAS OUVÈ NAN KONTE HIGHLANDS AK LAKE [https://www.fema.gov/ht/press-release/20221014/disaster-recovery-centers-open-highlands-and-lake-counties] Release Date: October 14, 2022 TALLAHASSEE – Eta Florid ak FEMA te ouvri de lòt Sant Rekiperasyon pou Katastwòf (Disaster Recovery Centers, DRC) nan Konte Highlands ak Lake.   KONTE HIGHLANDS BIWO EKSTANSYON KONTE HIGHLANDS, 4509 GEORGE BLVD., SEBRING, FL 33875   KONTE LAKE PREMYE LEGLIZ BATIS NAN KONTE ASTOR LAKE, 24731 ANN ST., ASTOR FL 32102   Sant yo louvri 9 a.m. rive 6 p.m. sèt jou pa semèn.   Sant pou Retaablisman apre Katastwòf yo mete enfòmasyon ki sòti nan ajans eta Florida yo, nan FEMA epi nan U.S. Small Business Administration (Administrasyon Ti Biznis Ameriken yo) disponib pou sivivan katastwòf yo. Sivivan katastwòf yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou asistans federal ak prè pou katastwòf, modifye aplikasyon yo epi jwenn enfòmasyon sou lòt resous ki disponib.   Lòt sant ap fonksyone nan lokal sa yo, 9 a.m. rive 6 p.m. sèt jou pa semèn sòf si yo te note otreman.   KONTE CHARLOTTE HOME DEPOT, 12621 S MCCALL RD, PORT CHARLOTTE, FL 33981   KONTE COLLIER VETERANS COMMUNITY PARK, 1895 VETERANS PARK DRIVE, NAPLES, 34109   KONTE HARDEE WAUCHULA CIVIC CENTER, 515 CIVIC CENTER DR., WAUCHULA, FL 33873   KONTE LEE LAKES REGIONAL LIBRARY, 15290 BASS ROAD, FORT MYERS, FL 33919 ORÈ: 8 A.M. POU RIVE 7 P.M.   KONTE LEE FORT MYERS DMS BUILDING, 2295 VICTORIA AVE., FORT MYERS, FL 33901 ORÈ: 8 A.M. POU RIVE 7 P.M.   KONTE ORANGE BARNETT PARK, 4801 W. COLONIAL DRIVE, ORLANDO, FL 32808   KONTE OSCEOLA HART MEMORIAL CENTRAL LIBRARY, 211 E. DAKIN AVENUE, KISSIMMEE, FL 34741   KONTE POLK W.H. STUART CENTER, 1702 S. HOLLAND PKWY, BARTOW, FL 33830   SARASOTA COUNTY SHANNON STAUB PUBLIC LIBRARY, 4675 CAREER LANE, NORTH PORT, FL 34289   KONTE SEMINOLE SEMINOLE STATE COLLEGE - BARBARA MILLER AUTOMOTIVE CENTER, 100 WELDON BLVD., SANFORD, FL 32773   KONTE VOLUSIA VOLUSIA COUNTY HEALTH DEPARTMENT, 1845 HOLSONBACK DRIVE, DAYTONA BEACH, FL 32117   Li pa nesesè pou yon moun ale nan yon sant pou li aplike. Moun ki sinistre yo kapab ale sou sit entènèt disasterassistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], itilize aplikasyon mobil FEMA a [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-app-text-messages] oswa rele 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib chak jou sòti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè nan Lès. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), soutit pou telefòn oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Pou wè yon videyo ki aksesib sou fason pou w enskri, vizite: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf - YouTube. [https://www.youtube.com/watch?v=LU7wzRjByhI]   Sèvis entèpretasyon ak materyèl tradwi disponib nan sant sa yo pou ede w kominike nan lang ou santi w pi alèz la. Yo chwazi lokal Sant retabliman pou Katastwòf yo paske yo aksesib, nan objektif pou rive jwenn plis moun posib.   Mete sou sant yo, ekip FEMA Disaster Survivor Assistance, DSA (Asistans FEMA pou Sivivan Katastwòf) yo ap mache nan tout katye ki anndan zòn Siklòn Ian te frape pi plis yo pou ede moun ki rete la yo aplike pou aistans FEMA a epi reponn kesyon yo kapab genyen sou asistans federal. Ekip DSA yo gen inifòm FEMA sou yo epi yo gen badj idantifikasyon federal ki gen foto yo ladan l. Sèvis sa a gratis.   Asistans Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans tanporè pou lojman yo, ti reparasyon nan kay yo ak lòt bezwen esansyèl moun kapab genyen apre katastwòf.