FASON POU RANPLI DOKIMAN PWOPRIYETÈ AK OKIPASYON POU FEMA [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/how-document-home-ownership-and-occupancy-fema] Release Date: Oct 8, 2022 Pwopriyetè yo ak lokatè yo dwe kapab bay prèv ki montre yo te abite nan rezidans prensipal katastwòf la andomaje a anvan yo resevwa yon Èd pou Lojman ak kèk tip Èd pou Lòt Bezwen. Kounye a, FEMA aksepte yon pakèt lòt dokiman: PWOPRIYETÈ * Pwopriyetè yo kapab bay dokiman ofisyèl tankou: * Papye kay oswa papye fidisi orijinal pwopriyete a * Yon deklarasyon ipotèk oswa yon analiz depo fidisyè * Resi pou taks sou pwopriyete a oswa fakti taks sou pwopriyete a * Sètifika oswa tit pwopriyete pou yon kay ki pre-fabrike * Epitou, kounye a FEMA ap aksepte yon lèt oswa kèk resi yon fonksyonè piblik voye pou gwo reparasyon oswa amelyorasyon ki te fèt. Nan deklarasyon fonksyonè piblik la fè a (pa egzanp, chèf lapolis, majistra, responsab lapòs), dwe gen non moun ki fè demann nan, adrès kay katastwòf la andomaje a, peryòd tan li te abite ladan li epi non ak nimewo telefòn fonksyonè ki bay verifikasyon an. * Moun ki sinistre ki posede pwopriyete ki se eritaj yo, mezon mobil oswa karavàn epi ki pa gen dokiman tradisyonèl pou pwopriyete a, kapab sètifye pwopriyete yo a poukont yo, kòm dènye posiblite. * Pwopriyetè kay ki toujou gen menm adrès yo te genyen pandan yon katastwòf ki pase deja dwe verifye pwopriyete yo a yon fwa sèlman. Epitou, anvan katastwòf la, FEMA te pwolonje dat dokiman ki elijib yo soti twa (3) mwa pou rive yon (1) lane. OKIPASYON * Pwopriyetè kay yo ak lokatè yo dwe bay prèv ki montre yo te abite nan lojman an pandan katastwòf la. * Moun ki fè demann yo dwe bay dokiman ofisyèl ki montre yo te abite nan kay la, tankou: * Fakti sèvis piblik, relve labank oswa kat kredi, fakti telefòn, elatriye. * Deklarasyon patwon * Kontra lokasyon alekri * Resi pou lwaye yo * Deklarasyon fonksyonè piblik * Kounye a, FEMA aksepte anrejistreman machin ki gen motè, lèt lekòl lokal yo (piblik oswa prive), founisè avantaj sèvis federal oswa Eta a, òganizasyon sèvis sosyal oswa dokiman tribinal. * Moun ki fè demann yo kapab itilize tou yon deklarasyon siyen ki soti nan men pwopriyetè yon pak komèsyal oswa mezon mobil, oswa yon sètifika li fè pou tèt li pou yon mezon mobil oswa yon karavàn, kòm dènye posiblite. * Si moun ki sinistre yo te rive bay FEMA prèv yo te abite nan kay la pandan yon katastwòf ki pase deja pandan yon peryòd de (2) lane, yo pa bezwen fè sa ankò. Moun nan Florida ki fè demann epi ki bezwen yon èd legal gratis konsènan dokiman ki gen rapò ak pwopriyetè kay epi ki pa kapab peye sèvis yon avoka, kapab rele liy Èd Legal pou Katastwòf la (Disaster Legal Aid hotline) nan 866-550-2929. Liy pou Èd la disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn epi moun ki ap rele yo kapab kite yon mesaj nenpòt lè. Pou fè demann èd nan FEMA nan ka yon katastwòf, ale sou sit DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], itilize aplikasyon FEMA [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app] a [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app] pou esmatfòn oswa rele 800-621-3362. Èd la disponib nan pifò lang. Si ou ap itilize yon sèvis relè, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a.