ASISTANS PIBLIK POU KAY ADORASYON YO [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/public-assistance-houses-worship-2] Release Date: Oct 6, 2022 Yo konsidere Kay Adorasyon yo tankou òganizasyon prive ki pa la pou fè pwofi epi ki bay sèvis sosyal ki pa ni ijan ni esansyèl tankou sant kominote oswa sant pou moun aje. Kategori òganizasyon ki pa la pou fè pwofi yo dwe pase pwosesis aplikasyon pou prè a nan pwogram Asistans pou Katastwòf U.S. Small Business Administration (SBA) anvan FEMA ap ka detèmine si yo kalifye pou pwogram Asistans Piblik la. Prè SBA sa yo ki gen yon ti kras enterè ofri jiska 2 milyon dola pou repare dega oswa ranplase pwopriyete siklòn nan te domaje, tankou mèb, aparèy, ak lòt bagay ki esansyèl. Kay adorasyon yo pa oblije pran yon prè, men FEMA pa pral finanse reparasyon amwenske ou te jwenn refi pou yon aplikasyon prè oswa ou li pa kouvri depans pou travay pèmanan yo. Kay adorasyon yo ta dwe kontakte biwo jesyon ijans nan konte yo a pou plis enfòmasyon sou fason pou soumèt yon Demann pou Piblik Asistans FEMA.