KIJAN POU W FÈ YON KONTESTASYON DESIZYON FEMA [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/how-appeal-femas-decision-4] Release Date: Oct 4, 2022 Si w te resevwa yon lèt FEMA ki di w pa kalifye pou asistans, ou ka konteste desizyon an epi bay plis enfòmasyon. Pwogram Endividyèl ak Fwaye FEMA (Individual and Household Program, IHP) ofri asistans finansye pou endividi ak fwaye kalifye ke yon dezas te afekte ki pa asire oswa ki pa genyen ase asirans dezas pou depans yo. FEMA pa ka bay asistans pou pèt ke asirans kouvri. Si asirans ou ou pa kouvri tout depans dezas ou yo, ou gendwa kalifye pou asistans federal pou bezwen w ki pa satisfè. Si yo detèmine ke w pa kalifye pou asistans, FEMA pral ba w yon lèt k ap esplike w poukisa ou pa t kalifye ak yon opòtinite pou konteste desizyon an. PWOSESIS KONTESTASYON AN Yon kontestasyon se yon demann pa ekri ak FEMA pou revize dosye w la ankò, ak yon opòtinite pou ofri nouvo oswa enfòmasyon anplis ke w pa t soumèt anvan ki gendwa afekte desizyon an. Ou gendwa konteste nenpòt desizyon FEMA anrapò ak aplikasyon w lan pou Asistans Endividyèl, tankou desizyon kalifikasyon inisyal, montan oswa tip asistans yo ofri w, aplikasyon anreta, demann pou remèt lajan, oswa yon refi pou Asistans Lojman Tanporè k ap Kontinye. Yon kontestasyon ta dwe ranpli nan fòm yon lèt siyen nan entèval 60 jou dat lèt detèminasyon an. Nan kontestasyon a, esplike poukisa w pa dakò ak desizyon an. Asire w ke w mete sa ki annapre yo:  * Non konplè aplikan an, adrès aktyèl ak adrès lojman ki andomaje a * Nimewo aplikasyon 9 chif aplikan FEMA a, ke w ap jwenn pa anwo lèt detèminasyon an (sou chak paj) * Nimewo deklarasyon dezas FEMA, pa egzanp DR-4673 (sou chak paj) * Siyati aplikan an ak dat la Si w chwazi ke yon lòt moun soumèt apèl la nan non w, se lòt moun nan ki dwe siyen lèt kontestasyon an. Anplis, tanpri ajoute yon deklarasyon ke w siyen ki otorize lòt moun nan soumèt kontestasyon an nan non w. Voye lèt kontestasyon w lan pa lapòs bay: Pwogram Endividyèl ak Fwaye FEMA Sant Sèvis Tretman Nasyonal P. O. Box 10055 Hyattsville, MD 20782-8055 Lèt kontestasyon ak dokiman sipò ka ale sou kont ou sou DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], oswa ou ka voye li pa faks nan 800-827-8112.