KONTE HIGHLANDS AK LAKE KALIFYE POU ASISTANS FEMA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20221004/highlands-and-lake-counties-eligible-fema-assistance] Release Date: October 4, 2022 ATLANTA – Konte Highlands ak Lake Kalifye kounye a pou Asistans FEMA apre Siklòn Ian Ian. Endividi ak fwaye nan konte Highlands ak Lake ka aplike pou Asistans Endividyèl FEMA, ki gendwa genyen ladann lojman tanporè, reparasyon bazik kay ak lòt bezwen ki gen rapò ak dezas ki pa asire. Konte sa yo rejwenn konte Charlotte, Collier, DeSoto, Flagler, Hardee, Hilsborough, Lee, Manatee, Pinellas, Sarasota, Polk, Putnam, Sarasota, Seminole St. Johns ak Volusia, ke yo te apwouve anvan sa pou Asistans Endividyèl. Sivivan yo ka aplike pou asistans dezas nan www.disasterassistance.gov [http://www.disasterassistance.gov], lè yo itilize   aplikasyon mobil FEMA [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/mobile-app-text-messages], oswa rele nan 800-621-3362 soti 7 a.m. rive 11 p.m. Lè Lès. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn soutitre oswa lòt, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a. Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike pou asistans ale sou, youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw [http://www.youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw]. Pou enfòmasyon rekiperasyon Florid de Siklòn Ian, vizite floridadisaster.org/info [https://www.floridadisaster.org/] ak fema.gov/disaster/4673 [https://www.fema.gov/disaster/4673]. Swiv FEMA sou Twitter sou FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter [https://twitter.com/femaregion4] epi sou facebook.com/fema [http://www.facebook.com/fema]. ### _Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf yo._