PREZANTE REKLAMASYON NAN ASIRANS POU INONDASYON IMEDYATMAN KI POSIB [https://www.fema.gov/ht/press-release/20221002/file-flood-insurance-claims-now-help-jumpstart-your-recovery] Release Date: October 2, 2022 WASHINGTON -- Retounen nan aktivite apre inondasyon kapab fatigan anpil, epi Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) FEMA devwe pou retounen ou nan aktivite apre Ouragan Ian Si yon moun vin sinistre nan Ouragan Ian epi li gen yon kontra asirans pou Inondasyon avèk NFIP, epi lite pran domaj akòz inondasyon, moun sa a ta dwe depoze reklamasyon li kounye a, menmsi li poko retounen lakay li. Moun ki gen kontra asirans ki te deplase vit, epi ki potko retounen lakay yo, kapab kòmanse pwosesis reklamasyon asirans pou inondasyon yo menmsi yo sispèk yo gen domaj akòz inondasyon sèlman. Yo kapab bay detay konsènan domaj yo pita lè ofisyèl yo deklare pas gen danje pou yo retounen lakay yo. Moun ki gen kontra nan Pwogram Nasyonal Asirans pou Inondasyon ap kontakte ajan oswa konpayi asirans yo pou depoze yon reklamasyon. Enfòmasyon sou fason pou depoze yon reklamasyon, fason pou note domaj yo nan dokiman, fason pou travay avèk evalyatè domaj asirans ou pou inondasyon, fason pou fè reparasyon yo, epi enfòmasyon pou konprann peman reklamasyon an disponib sou sitwèb FEMA.gov [https://www.fema.gov/fact-sheet/starting-your-recovery-after-flood]. Si yon moun pa konnen kimoun ajan oswa konpayi asirans li ye, moun sa a ka rele nimewo 877-336-2627.  Moun ki gen kontra asirans yo ta dwe sonje pou yo mande konpayi asirans yo enfòmasyon pou yo resevwa jiska $20,000 pou yo kòmanse retounen nan aktivite yo. Moun ki gen domaj nan van ak inondasyon ap fè de reklamasyon apa: yon reklamasyon asirans pwopriyetè kay pou domaj van an lakòz ak yon reklamasyon avèk asirans pou inondasyon. Kontra pou chak reklamasyon ka egziste avèk konpayi diferan, epi ou ka gen pou travay avèk plis pase yon reprezantan konpayi asirans. Anvan ou kòmanse reparasyon yo nan kay inonde ou, sonje pou tcheke avèk ofisyèl lokal yo konsènan kòd konstwiksyon ki anvigè ak kondisyon jesyon zòn inondab yo. Si yon moun gen kontra asirans li pou inondasyon ekspire dènyèman, moun sa a ta dwe mande ajan li si li toujou nan yon peryòd-e-gras pou renouvèlman. Moun nan kapab renouvle kontra li epi fasilite pèt li yo kouvri. Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou kòmanse yon reklamasyon nan asirans pou inondasyon sou sitwèb FEMa.gov [https://www.fema.gov/fact-sheet/starting-your-recovery-after-flood] depi ou rele nimewo 877-336-2627 oswa sou Aplikasyon FEMA. Pou jwenn lòt enfòmasyon oswa resous pou sivivan Ouragan Ian, , oswa pou aplike pou asistans  federal assistance, ale sou sitwèb FEMA’s Hurricane Ian webpage [https://www.fema.gov/disaster/hurricane-ian].