ÈD FEDERAL NAN NEW YORK AP KONTINYE KAT (4) MWA APRE IDA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20220107/federal-support-new-york-continues-four-months-after-ida] Release Date: January 7, 2022 NEW YORK – Sa gen kat (4) mwa depi rès siklòn Ida a te frape kay, biznis, ak enfrastrikti ki nan Eta New York la. Jiska jodiya, Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration) ak Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (Administration and the National Flood Insurance), debloke prèske demi bilyon dola pou ede abitan New York yo rekipere ak rekonstwi. Lai Sun Yee, Ajan Kowòdinasyon Federal nan FEMA te di “Nou kanpe bò kote patnè nou genyen nan eta a, patnè lokal, ak sa a ki nan kominote an ansanm ak lòt patnè federal pou kontinye gwo efò pou rekiperasyon an”. “Anplis finansman an, FEMA te mobilize plis pase 40 sant repriz apre katastwòf la, li te vizite prèske 99,000 kay epi li te pale avèk pou pi piti 42,000 sivivan atravè ekip Èd pou Sivivan ak Katastwòf la.” PRÈSKE 40,000 Abitan New York ki soti nan konte BRONX, BROOKLYN (KINGS COUNTY), QUEENS, STATEN ISLAND (KONTE RICHMOND), DUTCHESS, NASSAU, ORANGE, ROCKLAND, SUFFOLK AK WESTCHESTER te apwouve pou èd pou katastwòf FEMA apre deklarasyon gwo katastwòf 5 septanm nan. Yo te ajoute konte Orange nan deklarasyon an nan dat 1ye Desanm. NAN DAT 5 JANVYE FEMA te apwouve 191.1 MILYON DOLA pou lojman ak lòt bezwen esansyèl ki gen rapò ak siklòn lan, nan kad pwogram Asistans Endividyèl la. Montan sa a gen ladan l 171.9 MILYON DOLA ki apwouve pou lojman tanporè, èd pou lwaye, reparasyon ak ranplasman kay pou sivivan ki kalifye yo. Epitou, li gen ladan l 19.2 MILYON DOLA ki apwouve pou lòt èd yo bezwen ki kapab ede sivivan ki kalifye yo peye pou depans medikal ak dantè, gadri pou timoun, ak lòt depans nesesè ki gen rapò ak katastwòf la. Administrasyon Ti Biznis yo te apwouve 4,010 prè pou kay ak pou biznis pou plis pase 196.5 MILYON DOLA pou yo kapab ede pwopriyetè kay, lokatè, ak biznis yo rekipere apre rès siklòn Ida a. Prè SBA pou katastwòf yo se pi gwo sous fon rekiperasyon federal pou katastwòf pou sinistre yo. Prè ki gen enterè ki fèb sa yo pa sèlman pou biznis yo. Pwopriyetè kay, lokatè, ak kèk lòt òganizasyon ki pa la pou fè pwofi siklòn Ida te frape ka aplike tou. Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon te peye plis pase 110.1 MILYON DOLA pou moun ki asire nan New York yo epi li te fèmen 3,032 DEMANN pou domaj tanpèt la te lakòz. Menm si gouvènman federal la pa kapab remete jan w te ye a, li fè pati solisyon an, paske rekiperasyon apre yon katastwòf se efò tout yon kominote. Gen plizyè antite ki enplike, li gen ladan l ajans lokal ak nan eta a, òganizasyon ki pa la pou fè lajan, òganizasyon benevòl ak sa ki baze sou lafwa, ak sektè prive a. FEMA kontinye ap travay yon fason ki pwòch avèk patnè li yo ki nan tout kominote a pou asire l sivivan katastwòf yo gen aksè ak resous yo bezwen apati tout pwogram yo kalifye ki disponib. Rezidan KONTE ORANGE yo ki te gen domaj oswa ki te fèt pèt akoz rès Siklòn Ida a, gen jiska Lendi 31 janvye pou yo aplike pou èd katastwòf avèk FEMA a. Peryòd aplikasyon pou rezidan ki nan KONTE BRONX, BROOKLYN (KONTE KINGS), QUEENS, STATEN ISLAND (KONTE RICHMOND), DUTCHESS, NASSAU, ROCKLAND, SUFFOLK EPI WESTCHESTER YO fini nan dat 4 janvye a. Sepandan, moun ki sòti nan nèf (9) konte sa yo gen yon peryòd gras 60 jou pou soumèt aplikasyon an reta yo a. Lè w depoze yon aplikasyon anreta, moun ki aplike a dwe soumèt yon lèt nan FEMA ki eksplike sikonstans ki te rive yo ki te anpeche l aplike nan delè yo te bay pou aplikasyon an. Pou aplike pou asistans FEMA an, ale sou DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov], itilize aplikasyon mobil oswa rele nan LIY ASISTANS FEMA AN nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w ap itilize pou sèvis sa a. Operatè liy asistans yo disponib chak jou soti 7è nan maten pou 11è nan aswè. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an. Lè w aplike pou yon prè SBA li asire w tout opsyon ki disponib pou èd pou katastwòf yo rete louvri pou ou. Si ou pa kalifye pou yon prè SBA, sa kapab louvri pòt pou èd adisyonèl nan FEMA. Moun ki ap aplike yo ka aplike anliy sou sit entènèt SBA a sou DisaterLoanAssistance.sbs.gov [https://DisasterLoanAssistance.sba.gov] oswa rele Sant Sèvis Kliyantèl SBA a nan 800-659-2955. Moun ki soud oswa ki genyen difikilte pou tande yo ka rele nan 800-877-8339. Pou plis enfòmasyon, voye yon imèl nan DisasterCustomerService@SBA.gov.