SANT REKIPERASYON POU KATASTWÒF LOUVRI NAN CUT OFF AK MONTEGUT [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211130/disaster-recovery-centers-open-cut-and-montegut] Release Date: November 30, 2021 BATON ROUGE, LA. – Sant Rekiperasyon pou Katastwòf FEMA a kounya louvri nan Cut Off ak Montegut pou ede sinistre Siklòn Ida yo te afekte. Sinistre yo kapab jwenn èd gras ak aplikasyon pou asistans pou katastwòf la, telechaje dokiman epi jwenn repons ak kesyon yo sou asistans federel pou katastwòf la nan sant yo. TOUT SANT YO AP PRAN PREKOSYON POU COVID-19. ANPLWAYE, VOLONTÈ AK SIVIVAN YO DWE TOUJOU METE MASK.  Sinistre yo kapab rankontre fas a fas ak espesyalis FEMA yo nan adrès sa yo: DRC YO AP OUVÈ 30 NOVANM SANT KOMÈSYAL TARPON HEIGHTS Konplèks Gouvènmantal Galliano (pakin) 16245 East Main Street Cut Off, LA 70345 * Lè: 9 a.m. - 6 p.m. Lendi-Samdi   SANT LWAZI MONTEGUT       107 Recreation Drive (ang sidès Ri Cross & Dolphin) Montegut, LA 70377 * Lè: 9 a.m. - 6 p.m. Lendi-Samdi   Pou lòt detay, tcheke aplikasyon FEMA (anba Resous pou Katastwòf, chwazi Pale ak FEMA an Pèson) oswa vizite FEMA.gov/DRC [https://fema.gov/DRC] pou yon lis konplè DRC yo fenk ouvè yo nan Louisiana an.