DE (2)SANT REKIPERASYON POU KATASTWÒF NAN NEW ORLEANS GEN POU YO FÈMEN NÈT NAN DAT 23 NOVANM. [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211119/two-disaster-recovery-centers-new-orleans-and-gonzales-close-permanently-nov] Release Date: November 19, 2021 BATON ROUGE, LA. – Sant Rekiperasyon pou Katastwòf ki nan sikisal prensipal biblyotèk piblik New Orleans (Pawas Orelans) ak sant rekiperasyon ki nan Sant Sante Mantal Gonzalez la (Pawas Gonzales) ap fèmen nèt lè biwo yo fèmen, jou k ap madi 23 novanm nan. Rezidan nan tout pawas ki afekte nan siklòn Ida yo ka kontinye vizite yon kantite lòt sant rekiperasyon ki louvri nan Louisiana. TOUT SANT DRC YO AP PRAN PREKOSYON POU COVID-19. NOU MANDE POU TOUT VIZITÈ, ANPLWAYE AK VOLONTÈ METE MASK. Sivivan yo ka rankontre fas a fas ak espesyalis FEMA yo nan sant sa yo jiskaske yo fèmen nèt, nan dant 23 novanm. SANT REKIPERASYON APRE KATASTWÒF YO AP FÈMEN NAN DAT 23 NOVANM. SIKISAL PRENSIPAL BIBLYOTÈK PIBLIK NEW ORLEANS (PREMYE ETAJ) 219 Loyola Ave. New Orleans, LA 70112 AP FÈMEN A 3:30 P.M.   SANT SANTE MANTAL GONZALES 1112 E. Ascension Complex Blvd. Gonzales, LA 70037 AP FÈMEN A 6 P.M.