FÈ FEMA KONNEN SI SITIYASYON OU CHANJE [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/let-fema-know-if-your-situation-changes] Release Date: Nov 16, 2021 Depi w fin aplike pou w resevwa asistans nan FEMA, li enpòtan pou w fè FEMA konnen si w chanje adrès, si w dekouvri siklòn Ida te fè plis dega lakay ou oswa si w gen yon lòt pwoblèm ki gen rapò ak katastwòf la. Asire w ou fè FEMA konnen si OU DEKOUVRI SIKLÒN IDA FÈ KAY OU AP ANVAYI AK PLIS MWAZI  Antanke pwopriyetè kay ki elijib pou l resevwa asistans nan FEMA, ou ka resevwa lajan pou w repare domaj mwazi dezas la te koze nan kad sibvansyon Asistans pou Reparasyon Kay ou. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w elimine mwazi nan Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon, vizite CDC.gov/mold/cleanup. [https://www.cdc.gov/mold/cleanup.htm] OU TE MANDE YON LÒT MOUN POU L AJI NAN NON OU Si w mande yon zanmi oswa yon fanmi pou li aji nan non w lè w ap aplike pou w resevwa asistans nan FEMA oswa lè w ap rankontre enspektè FEMA a, ou dwe ekri FEMA pou w fè l konn sa. Soumèt konsantman w sou entènèt lè w konekte sou kont FEMA w la, nanDisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov], oswa voye l pa lapòs bay FEMA NATIONAL PROCESSING SERVICE CENTER, P.O. BOX 10055, HYATTSVILLE, MD 20782-8055. Ou ka voye konsantman w pa faks tou bay 800-827-8112. Yon lòt fason pou w fè FEMA konnen ou te idantifye yon moun pou aji nan non w: Ou menm ak reprezantan w ka vizite yon Sant Rekouvreman pou Katastwòf ansanm pou soumèt konsantman w. Jwenn Sant Rekouvreman pou Katastwòf ki pi pre w la anliy nan fema.gov/DRC [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator]. SIKLÒN IDA ANDOMAJE FOUNO W LA Si asirans ou an pa kouvri domaj Siklòn Ida te koze nan founo w la, ou ka kalifye pou w resevwa yon sibvansyon nan FEMA pou w ka ranplase l oswa repare li. Soumèt yon lèt apèl, yon resi oswa yon estimasyon pou w repare oswa ranplase fou a, epi asire w ke ou mete non kontraktè a ak nimewo telefòn li nan dokiman yo. OU CHANJE ADRÈS OSWA NIMEWO TELEFÒN Asire w ke FEMA gen bon jan enfòmasyon pou l kontakte w, sa ap ede w evite reta. Asire w ou fè FEMA konnen si w chanje adrès, menm si se pou yon ti tan. Asire w ke nimewo telefòn ou ak adrès imel ou ki nan dosye FEMA yo kòrèk. Sonje ke ou ka mete enfòmasyon w yo ajou sou entènèt lè w vizite DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov]. DAT LIMIT POU W APLIKE POU ASISTANS KATASTWÒF FEMA A SE LENDI 6 DESANM. MEN KI JAN POU OU APLIKE: Vizite DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov], itilize aplikasyon mobil oswa rele nan LIY FEMA A, nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè liy asistans yo disponib apati 8 è a.m. jiska 7è p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an.   * Ou kapab vizite yon Sant Rekouvreman pou Katastwòf epi rankontre ekip FEMA a ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans nan eta a ki kapab founi w enfòmasyon sou èd pou katastwòf. Pou w jwenn yon sant sekou tou pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov) [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator]. Pou plis resous anliy ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, ale sou DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov] epi klike sou "Enfòmasyon.” Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon New York, vizite fema.gov/disaster/4615 [https://www.fema.gov///C:/Users/emoon/AppData/Local/Microsoft/Windows/INetCache/Content.Outlook/NROVS09U/fema.gov/disaster/4615]. Swiv FEMA sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion2 [http://twitter.com/FEMARegion2] epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema [https://u7061146.ct.sendgrid.net/ls/click?upn=TeZUXWpUv-2B6TCY38pVLo9jw1V-2Bo5zjnJlDYvuv2Uss9fUVdD4qLUR5g5P6aeNyAlWOKN_LMDzpl4Nq0l0W7twxHuEzy-2BkxlPg1d7K-2BpAa67OMQF5aA3Z72-2FXM6Bwrk4PgC4ALq-2FN1KZFbq0dIvnjAHIkenOosVeIy4jryNdFhuuVQTvMNeSZQoq3SlT5fPNb9sLEVqccFjBpGLgekSvXV4V4hRGXKdRoDwH7rTrfqYkkwnBGBQ7mTam70ypCa7vTSGgQPx3VU-2BsGnPThHbfDLBkZWFlMiQwx8seofD3qtXHJlJ4IB4EF6LVlCG5HnEzQtAAkMrLOBTy9t4Vb7B3fmmefuNpMnUhT-2Fjwku7Jg2LYMW7EUDxOK70xI4UAjuhp332OxfRqkwLThQXmMBpNL4AL1zHZnUDpnOkYUu-2B-2BxUfTtmne8-3D]