PWOLONGASYON DAT LIMIT DEKLARASYON PÈT NFIP POU MOUN KI GEN ASIRANS POU SIKLÒN IDA [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/nfip-proof-loss-deadline-extended-hurricane-ida-policyholders] Release Date: Oct 29, 2021 FEMA pwolonje dat limit lan pou soumèt yon fòm Prèv Pèt 180 jou aprè dat ou te deklare ou pèdi an pou otorize moun ki gen asirans nan Louisiana yo kii te viktim anba dega inondasyon fè Siklòn Ida te lakòz yon delè adisyonèl pou evalye pèt ak rapò ekspè yo. Nòmalman, dat limit pou soumèt yon Prèv ou Pèdi Kontra Asirans Estanda kont Inondasyon (Standard Flood Insurance Policy, SFIP) se nan yon delè 60 jou ou fè pèt lan. FEMA delivre yon otorizasyon kondisyonèl toupou moun ki gen asirans kont inondasyon yo pou peye reklamasyon yo selon rapò ekspè yo ki pa verifye. Ou dwe soumèt Prèv Pèt ki siyen ou an ansanm ak papye ki pwouve pèt ou an nan yon delè 180 jou aprè dat pèt lan si: * Si w pa kwè rapò ekspè a reponn ansanm ak tout reklamasyon ou genyen yo, epi * Ou kwè ou gen dwa ak plizyè lòt peman nan kad SFIP ou an. Pou sipòte prèv pèt lan, ou pral gen bezwen bay papye, tankou yon devi travayè endepandan an, fakti, resi, foto, yon lis byen pèsonèl ki pèdi ansanm ak lòt prèv sou montan ou fè reklamasyon an. Ou kapab jwenn yon Prèv Pèt ou kapab telechaje – Bilding ak Kontni (Moun ki gen asirans lan prepare) sou Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program) | FEMA.gov [https://www.fema.gov/flood-insurance/find-form/policyholders]. KISA YON FÒM PRÈV PÈT YE? * Yon fòm Prèv Pèt se yon deklarasyon ou siyen k ap eksplike konbyen sa ap koute pou fè reparasyon oswa ranplase byen ki andomaje an w ap fè reklamasyon pou li a selon asirans ou genyen an. Li bay FEMA enfòmasyon tankou: * Dat ak kilè ou fè pèt lan * Yon ti eksplikasyon tou kout sou fason ou rive fè pèt lan * Detay sou nenpòt asirans ou genyen ki kapab kouvri pèt lan * Kalite ak gravite dega ki fèt nan bilding lan ansanm ak sa k ladan li yo * Non kreditè yo nan yon ipotèk oswa nenpòt moun ki gen yon dwa oswa yon dwa legal sou byen ki gen asirans lan * Detay sou tout moun ki t ap viv nan bilding lan nan moman ou fè pèt lan VOYE LI NAN YON DELÈ 180 JOU, OU KAPAB MODIFYE LI APRESA * Si ou pa konnen ki kantite lajan sa ap koute pou fè reparasyon dega ki kouvri inondasyon an lakòz lan, li enpòtan pou soumèt fòm Prèv Pèt lan nan yon delè 180 jou aprè dat ou fin fè pèt lan. * Ekspè ou an pral ba ou yon devi detaye sou pèt lan, epi ou dwe revize li pou wè si li pa bliye yon bagay oswa gen yon bagay ki pa sa * Ou kapab ranpli yon fòm Prèv Pèt pou kont ou. Yon lòt fwa ankò, ou kapab jwenn yon Prèv Pèt ou kapab telechaje sou Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program) | FEMA.gov [https://www.fema.gov/flood-insurance/find-form/policyholders]. * Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte ajan konpayi asirans ou a, konpayi asirans kont inondasyon ou an, vizite FloodSmart.gov [http://www.FloodSmart.gov] oswa rele NFIP nan 877-336-2627. * Pou pale ansanm ak yon manm ekip Sansibilizasyon ak Kominote Fòmasyon FEMA konsènan mezi ou kapab pran pou diminye risk pou lòt inondasyon, van, ansanm ak lòt domaj rele nan 833-FEMA-4-US oswa 833-336-2487. Ou kapab vizite tou: Rediksyon Risk nan Louisiana (connectsolutions.com) [https://fema.connectsolutions.com/lamit]. Panyòl: Panyòl Repare ak Rekonstwi aprè yon Siklòn (connectsolutions.com) [https://fema.connectsolutions.com/la-es-mit]. Pou Vyetnamyen: https://fema.connectsolutions.com/la-vie-mit/ Pou jwenn dènye enfòmasyon konsènan Siklòn Ida a, ale sou fema.gov/disaster/4611 [https://www.fema.gov/disaster/4611]. Suiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6] epi ba nou yon like sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/ [https://www.facebook.com/FEMARegion6/].