SIBVANSYON FEMA YO PA KONSIDERE KÒM REVNI EPI OU P AP PEYE TAKS SOU YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20211020/fema-grants-are-not-considered-income-and-are-not-taxable] Release Date: October 20, 2021 NEW YORK - Moun k ap resevwa peman Sekirite Sosyal oswa lòt asistans gouvènman an pa ta dwe konsène pou asistans FEMA pou katastwòf pa afekte avantaj yo. Si w ap viv nan KONTE BRONX, KINGS, NASSAU, QUEENS, RICHMOND, ROCKLAND, SUFFOLK OSWA WESTCHESTER epi ou te aplike nan FEMA pou asistans federal pou katastwòf apre Siklòn Ida, ou pa gen okenn danje pou pèdi lòt avantaj federal ou gen dwa resevwa. Sibvansyon FEMA pou katastwòf yo pa konsidere kòm revni ou dwe peye taks sou yo. Lè ou aksepte yon sibvansyon FEMA, sa  p ap afekte avantaj Sekirite Sosyal, Medicare, Medicaid, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) oswa lòt pwogram asistans federal ou resevwa. Sibvansyon pou katastwòf ede peye pou lojman tanporè, reparasyon esansyèl kay Ida te lakòk, ranplasman pwopriyete pèsonèl ak lòt bezwen grav ki gen rapò ak dezas la ki pa kouvri nan asirans ou oswa lòt sous. Gen plizyè fason pou aplike pou w ka jwenn èd federal nan kad katastwòf. * Vizite DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], itilize aplikasyon mobil oswa rele nan LIY FEMA nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy Asistans yo disponib apati 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou. Peze 2 pou espanyòl. Peze 3 pou yon entèprèt ki pale lang ou. * Epitou, ou ka vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas tou epi rankontre fas-a-fas ak anplwaye FEMA ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans leta ki ka bay enfòmasyon sou asistans pou katastwòf. Pou jwenn yon sant retablisman pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov) [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator]. *  SANT REKIPERASYON DEZAS KONTE ROCKLAND LA LOUVRI CHAK JOU ANT 8 A.M. AK 7 P.M. NAN: * Orangetown Soccer Club Complex, 175 Old Orangeburg Road, Orangeburg, NY 10962 * Sant sa yo louvri ant 10 A.M. AK 6 P.M. LENDI JISKA SAMDI, fèmen dimanch: * Hostos College, 450 Grand Concourse, Bronx, NY 10451 * Queens College, 152-45 Melbourne Ave., Queens, NY 11367 * Medgar Evers College, 231 Crown St., Brooklyn, NY 11225 * College of Staten Island, 2800 Victory Blvd., Staten Island, NY 10314 * Michael J. Tully Park Physical Activity Center, 1801 Evergreen Ave., New Hyde Park, NY 11040 * Rose Caracappa Senior Center, 739 NY-25A, Mount Sinai, NY 11766 * Bibliyotèk Piblik, 136 Prospect Ave., Mamaroneck, NY 10543   Dat limit pou aplike pou asistans FEMA pou katastwòf la se LENDI 6 DESANM. Pou plis resous anliy, ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, vizite www.disasterassistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/] epi klike sou "Enfòmasyon.”" Pou referans nan ajans ki sipòte bezwen kominote-espesifik, rele 211 oswa vizite https://www.211nys.org/contact-us. Pou rezidan Vil New York, rele 311.. Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon New York, vizite www.fema.gov/disaster/4615 [http://www.fema.gov/disaster/4615]. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://www.fema.gov///C:/Users/twise12/AppData/Local/Microsoft/Windows/INetCache/Content.Outlook/FY1K5R35/twitter.com/FEMARegion6] epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema [https://u7061146.ct.sendgrid.net/ls/click?upn=TeZUXWpUv-2B6TCY38pVLo9jw1V-2Bo5zjnJlDYvuv2Uss9fUVdD4qLUR5g5P6aeNyAlWOKN_LMDzpl4Nq0l0W7twxHuEzy-2BkxlPg1d7K-2BpAa67OMQF5aA3Z72-2FXM6Bwrk4PgC4ALq-2FN1KZFbq0dIvnjAHIkenOosVeIy4jryNdFhuuVQTvMNeSZQoq3SlT5fPNb9sLEVqccFjBpGLgekSvXV4V4hRGXKdRoDwH7rTrfqYkkwnBGBQ7mTam70ypCa7vTSGgQPx3VU-2BsGnPThHbfDLBkZWFlMiQwx8seofD3qtXHJlJ4IB4EF6LVlCG5HnEzQtAAkMrLOBTy9t4Vb7B3fmmefuNpMnUhT-2Fjwku7Jg2LYMW7EUDxOK70xI4UAjuhp332OxfRqkwLThQXmMBpNL4AL1zHZnUDpnOkYUu-2B-2BxUfTtmne8-3D].