DRC LOUVRI NAN KONTE HUDSON [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210920/drc-opens-hudson-county] Release Date: September 20, 2021 TRENTON, NJ – Yon Sant Rekiperasyon te louvri jodia nan konte Hudson ki pou ede rezidan rès Siklòn Ida te afekte yo epi ki rete nan New Jersey.  Reprezantan FEMA ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yo disponib nan sant yo pou eksplike pwogram asistans lan nan ka katastwòf, reponn kesyon sou korespondans alekri yo epi bay dokimantasyon sou reparasyon ak rekonstriksyon pou rann kay yo plis solid pou reziste kont katastwòf. W ap jwenn DRC nan: * KONTE HUDSON: San Resous Pwofesyonèl ak Bibliyotèk Piblik Secaucus (Secaucus Public Library and Business Resource Center), 1379 Paterson Plank Rd, Secaucus, NJ 07094 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandredi; 9 a.m. pou 4 p.m. samdi 9 a.m pou 2 p.m ak dimanch  Moun ki nan konte BERGEN, ESSEX, GLOUCESTER, HUDSON, HUNTERDON, MERCER, MIDDLESEX, MORRIS, PASSAIC, SOMERSET, UNION AK WARREN yo kalifye pou aplike pou èd lè gen katastwòf. Sivivan yo kapab poze kesyon oswa mande plis enfòmasyon nan biwo DRC, anliy oswa nan telefòn tou. Sivivan yo kapab vizite nenpòt biwo DRC epi jwenn biwo ki plis pre a grak ak aplikasyon FEMA.  Pou telechaje Aplikasyon FEMA tanpri vizite Apple App Store oswa Gogle Play Store Lòt Sant ki louvri nan zòn sa yo: * KONTE HUNTERDON: Konpayi Union Fire #1, 230 N. Main St., Lambertville 08530 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandrediy; 8 a.m. pou 5 p.m. samdi ak dimanch * KONTE BERGEN: Sant Aprantisay Ciarco, 355 Main St., Hackensack 07652 * Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, lendi pou samdi, Fèmen nan dimanch * KONTE MERCER: Sant Kominotè Hollowbrook, 320 Hollowbrook Drive, Trenton 08638 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandrediy; 8 a.m. pou 5 p.m. samdi ak dimanch * KONTE MIDDLESEX: Middlesex Fire Academy, 1001 Fire Academy Drive, Cafeteria B, Sayreville 08872 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandrediy; 8 a.m. pou 4 p.m. samdi akdimanch * KONTE PASSAIC: Civic Center, 19 Warren St., Little Falls 07424 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandrediy; 8 a.m. pou 4 p.m. samdi akdimanch * KONTE GLOUCESTER: Mullica Hill Library, 389 Wolfert Station Road, Mullica Hill 08062 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandredi; 10 a.m. pou 5 p.m. samdi ak dimanch 1 -5 p.m * KONTE SOMERSET: Konpayi North End Volunteer Fire #3, 169 North 8th Ave., Manville 08835 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandredi; 8 a.m. pou 6 p.m. samdi ak dimanch * KONTE UNION: Sant Kominotè Senior Elizabeth O’Donnell Dempsey, 618 Salem Ave., Elizabeth 07208 * Louvri nan 7 a.m. pou 7 p.m. ET, lendi jiska vandrediy; 8 a.m. pou 5 p.m. samdi ak dimanch FEMA ak NJOEM pran angajman yo pou louvri DRC nan chak konte yo site yo. Lòt sant sa yo pral louvri pa twò lontan pou ede sivivan yo. Si ou genyen asirans pwopriyetè kay ak lwaye, ou ta kapab depoze reklamasyon lè ou kapab byen vit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab double avantaj pou pèt asirans lan te kouvri. Si ou pa genyen asirans oswa ou genyen yon ti asirans, ou kapab kalifye pou èd federal. Mwayen ki pi vit ak pi fasil pou aplike se vizite disasterassistance.gov/ [http://www.disasterassistance.gov/]. Si li posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Liy telefòn pou rele gratis yo fonksyone kounye a 24 sou 24, sèt (7) jou sou sèt (7). Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w: * Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou * Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya * Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib * Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo * Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.