AJISTEMAN NAN SIBVANSYON DEPANS PATAJE FEMA YO BAY LWIZYÀN PLIS LAJAN POU ASISTANS PIBLIK POU REKOUVREMAN SIKLÒN LAURA A [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210323/fema-cost-share-adjustment-grants-louisiana-more-funds-public-assistance] Release Date: Mas 23, 2021 BATON ROUGE, La.--- Domaj yo ki te fèt nan siklòn Laura a te tèlman grav yo te depase limit 75% valè nòmal depans pataje nan Asistans Piblik FEMA a epi li te pèmèt Eta Lwizyàn resevwa yon pousantaj depans pataje ki vrèman ra de 90% pou domaj ki kalifye yo. Sa te vin fè te genyen prèske $22 milyon anplis pou aplikan yo pou finanse pwojè yo. Depi nan rekonstwiksyon bilding pawas yo jis nan reparasyon sistèm egou yo avèk lopital timoun yo, pwojè sa yo ap ede kominote Lwizyàn yo pou reprann yo apre siklòn nan. Te genyen senk (5) gwo benefisyè ki te resevwa sibvansyon ki totalize plis pase $19.6 pou pwojè yo. Li genyen ladan yo: * Yo pral bay Jiri Polis Pawas Calcasieu a yon lòt $ 10,1 milyon dola anplis pou retire debri. * Yo pral bay Jefferson Davis Electric Co-Op Emergency Generator Power Substation yon lòt $3.8 million anplis pou pran Mezi Pwoteksyon pandan Ijans yo. * Lameri Sulphur pral resevwa $2.8 milyon anplis pou retire debri. * Depatman Militè, Gad Nasyonal Eta Lwizyàn pral jwenn yon lòt $1.6 milyon pou Mezi Pwoteksyon yo te pran pandan Ijans yo apre siklòn nan. * Pawas Beauregard pral resevwa $1.1 milyon pou retire debri. Prezidan Biden te otorize ogmantasyon depans pataje yo pou pwojè yo Asistans Piblik FEMA a finanse Pwogram 22 fevriye. “Mwen te detèmine grandè domaj nan kèk zòn yo nan eta Lwizyàn kote siklòn Laura te lakòz yo pandan peryòd 22 dawou pou 27 dawou, 2020 te grav anpil ase pou fè aranjman espesyal nan depans pataje yo" prezidan an te di. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon konsènan Pwogram Asistans Piblik FEMA nan sitwèb www.FEMA.gov/public-assistance. [https://www.fema.gov/public-assistance-local-state-tribal-and-non-profit] Pou plis enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite sitwèb Siklòn Laura Lwizyàn Laura (DR-4559-LA) [https://www.fema.gov/disaster/4559]. Swiv kont Twitter FEMA Region 6 a sou twitter.com/FEMARegion6. [https://twitter.com/FEMARegion6]