ÈSKE OU “PREPARE POU BÈT DOMESTIK” PANDAN DEZAS? [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/are-you-petpared-disasters] Release Date: Feb 19, 2021 Samdi 20 fevriye se Jou Nasyonal Lanmou pou Bèt Domestik Ou. Montre bèt domestik ou yo ou renmen yo lè w prepare yo pou pwochen dezas la. Bèt domestik yo se yon pati enpòtan nan sosyete nou an, epi, pou kèk moun se yon ekstansyon nan manm kay yo ak manm nan fanmi an. Garanti pou bèt domestik ou a pare pou yon dezas se youn nan etap enpòtan nan preparasyon pou dezas. Lis ki anba a ap montre w kijan pou prepare bèt domestik ou pou yon pwochen dezas oswa ijans.   Fè yon plan: Lè w genyen yon plan souplas pou oumenm avèk bèt domestik ou yo, w ap twouve li mwens difisil, mwens estresan ak enkyetan lè ou bezwen pran desizyon pandan yon ijans. Bagay pou enkli nan plan bèt domestik ou yo: * Planifye avèk vwazen yo, zanmi, oswa manm fanmi w yo pou asire w genyen yon moun ki disponib pou pran swen oswa pou evakye bèt domestik ou yo si w pa kapab fè sa. * Fè aranjman nan yon chanm ki san danje nan kay la pou bèt domestik ou yo ki pa genyen okenn obstak tankou zouti, debri oswa pwodui toksik * Kreye yon lis pou verifikasyon [https://cdn.shopify.com/s/files/1/0344/6469/files/cat-checklist_1024x1024.png?v=1503696317]. Prepare yon twous: Menm jan ou fè lè pou prepare yon twous ekipman ijans pou fanmi w [https://www.ready.gov/kit], panse ak bagay debaz pou siviv bèt, tankou manje ak dlo. Prepare de (2) twous, youn ki pi gwo si ou genyen abri souplas epi yon vèsyon ki pi lejè pou si w bezwen evakye. Verifye twous ou yo regilyèman pou garanti kontni yo, espesyalman manje ak medikaman yo rete fre. Men kèk bagay ou kapab enkli nan yon twous ijans pou bèt domestik ou: [https://www.cdc.gov/healthypets/images/publications-pet-disaster-kit-checklist.jpg] * Pwodui alimantè pou plizyè jou nan yon veso ki byen fèmen, epi ki enpèmeyab. * Yon bòl pou dlo avèk kantite dlo pou plizyè jou. * Yon kantite ekstra medikaman bèt domestik ou konn pran nan yon veso ki enpèmeyab. * Yon kòd, kòd derezèv, kolye, ID ki ajou avèk tag vaksinasyon kont laraj. * Kopy papye sou enfòmasyon enskripsyon bèt domestik ou ak lòt dokiman nesesè yo nan yon veso enpèmeyab epi ki disponib nan yon fason elektwonik. * Valiz pou vwayaj, kaj, oswa yon kaj solid pou pote chak bèt. * Atik pou netwayaj tankou chanpou ak lòt atik pou bèt domestik yo. * Atik pou dechè oswa bwat pou dechè (si li apwopriye), papye jounal, papye twalèt, sache dechè an plastik avèk klowòks yo sèvi nan kay pou w kapab satisfè bezwen sanitè bèt ou a. * Yon foto oumenm ansanm avèk bèt domestik ou. Si ou vin separe avèk bèt domestik ou pandan yon ijans, yon foto pral ede w pwouve ou se pwopriyetè epi pèmèt lòt moun ede ou pou idantifye bèt domestik ou an. * Atik òdinè yo. Mete jwèt prefere yo, ti friyandiz oswa kabann nan twous ou. Atik òdinè yo kapab diminye estrès bèt domestik ou an. Gwo Bèt yo: * Evakye gwo bèt yo pi bonè, sito posib. Detèmine wout prensipal ak segondè yo davans. * Mete machin ak trelè ki nesesè yo disponib pou transpò ak sipò chak tip bèt. Epitou, mete chofè ak watchman ki gen eksperyans yo disponib. * Garanti destinasyon yo genyen manje, dlo, swen veterinè avèk ekipman pou mannèv. * Si evakyasyon pa posib, pwopriyetè bèt yo dwe deside si yo dwe deplase gwo bèt yo nan yon etab oswa lage yo lib deyò. Evakyasyon: Si otorite lokal yo mande w pou evakye, sa vle di, bèt domestik ou dwe evakye tou. Si w kite bèt domestik yo dèyè, yo ka pèdi, fraktire oswa pi mal. * Si w evakye kite kay ou, pran pwodui bèt domestik ou yo avèk ou.  * Fè pratik evakyasyon nan machin nan avèk bèt yo, yon fason pou yo kapab pi konfòtab si ou bezwen evakye. * Fè bèt domestik ou yo abitye avèk kaj pou transpò yo anvan move tan frape nan ka ou bezwen pou evakye. Abri: Anpil abri piblik ak otèl pa pèmèt bèt domestik andedan yo. Konnen yon kote ki an sekirite kote ou ka mennen bèt domestik ou anvan dezas ak ijans rive. * Toujou mete bèt domestik yo andedan kay nan premye siy oswa avètisman sou yon tanpèt oswa yon dezas. * Idantifye abri pou bèt domestik yon anvan yon lòt ijans. * Fè yon lis adrès ak nimewo tout kote yo ou kapab mennen bèt domestik ou nan ka yon ijans. Rete enfòme: Prepare w epi rete enfòme sou kondisyon ki pi aktyèl yo. Men kèk fason ou ka rete enfòme: * Prete atansyon ak alèt ijans yo nan aparèy pòtab [https://www.ready.gov/alerts] pou alèt lokal ak avètisman yo otorite sekirite piblik lokal ak eta yo voye yo. * Tande otorite lokal yo lè yo di pou evakye oswa pou abrite sou plas. * Telechaje aplikasyon FEMA a [https://www.fema.gov/mobile-app] epi koute alèt metewolojik a yo nan Sèvis Nasyonal Metewolojik la, nan jiska senk (5) diferan lokal nenpòt kote Ozetazini. Plis nan: www.ready.gov/animals [http://www.ready.gov/animals] oswa  www.ready.gov/pets [http://www.ready.gov/pets]. Vizite Prepare Pou Ijans Kounye a: Enfòmasyon pou Pwopriyetè Bèt Domestik yo. (ready.gov) [https://www.ready.gov/sites/default/files/2020-03/prepare-for-emergencies-pet-owners.pdf] pou yon bwochi enprime pou fanmi w ak kominote w. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].