SISTÈM AWOZWA DIFE NAN INITE LOJMAN FABRIKE [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/fire-sprinkler-systems-manufactured-housing-units] Release Date: Feb 4, 2021 Yon etap nan pwosesis lojman an gen ladan enstalasyon yon dispozitif sekirite—chak inite lojman fabrike (MHU) FEMA te bay ekipe avèk yon sistèm awozwa dife rezidansyèl (yo pa bay awozwa nan veyikil lwazi yo). Rechèch te montre ke sistèm awozwa dife yo konbine avèk alam lafimen ka redwi risk pou mouri nan yon dife kay pa plis pase 82%. Sistèm Awozwa dife sove lavi, anpeche blesi, ak pwoteje pwopriyete. * Tout MHU FEMA yo ekipe avèk alam lafimen nan salon ak nan chak chanm akouche. * Sistèm awozwa dife yo lokalize nan chak chanm.  * Sistèm awozwa dife yo fèt pou kontwole pwopagasyon yon dife lontan ase pou okipan yo evakye. * Tout sistèm lan te fèt epi teste pou fonksyone nan tanperati ki osi ba ke 35 degre anba zewo. * Sistèm awozwa dife a pa konekte nan sistèm dlo domestik ki alimante levye ak twalèt yo nan kay la.  Li gen yon rezèvwa dlo separe ak ponp ki lokalize nan yon ti estrikti deyò inite a ki rele Sistèm Rezèvwa ak Ponp [Tank and Pump System] (TPS) (foto).   * Kontraktè FEMA yo fè antretyen chak mwa. * Awozwa dife ak alam lafimen pa yon ranplasan pou yon plan dijans nan kay. Tout kay yo ta dwe fè yon plan evakyasyon dife epi asire ke tout moun konnen kisa li ye. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA) [https://www.fema.gov/disaster/4559]. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Delta, vizite Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA) [https://www.fema.gov/disaster/4570]. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6]. # # #