SANT REKIPERASYON KATASTWÒF AP FÈMEN NAN CALCASIEU [https://www.fema.gov/ht/fact-sheet/media-advisory-disaster-recovery-centers-close-calcasieu-parish-help-remains-available] Release Date: Dec 10, 2020  BATON ROUGE, LA.–Gen de (2) Sant Repriz Apre Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) ki bay sèvis etan w nan machin ou nan Sulphur ak East Lake Charles ki pral fèmen byento.   Sant DRC ki bay sèvis etan w nan machin ou pral fèmen a 5 p.m. nan dat 16 desanm. Adrès li se nan:   Frasch Park (Ball field) 400 Picard Road Sulphur, LA 70663   Sant DRC nan East Lake Charles la ke yo te anonse anvansa ki tap fèmen nan dat 15 desanm, ap ret louvri jiska 18 desanm, epi lap fèmen a 5 p.m. Adrès li se: Calcasieu Parish Police Jury 2000 Moeling Street Lake Charles, LA 70601   Sivivan nan Louisiana yo ka ale nan nenpòt sant DRC nan eta a. Pou lokalize sant ki pi pre a oswa pou tcheke lè yo louvri yo, ale sou: egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator]. Se FEMA ansanm ak Biwo Sekirite Teritoryal ak Preparasyon pou Ijans Gouvènè a ki jere sant DRC yo. Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant pou yo aplike pou asistans federal oswa pou yo mete aplikasyon yo ajou. Pou aplike, poze kesyon oswa pou soumèt enfòmasyon: Rele Liy Asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585, ale sou www.DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov] oswa teledechaje Aplikasyon Mobil FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app].   Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou fema.gov/disaster/4559 [https://www.fema.gov/disaster/4559]. Oswa, souSiklòn Delta, vizite fema.gov/disaster/4570 [https://www.fema.gov/disaster/4570]. Swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA a sou twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6]