SANT REPRIZ APRE DEZAS KI BAY SÈVIS ETAN W NAN MACHIN PRAL RELOUVRI NAN PAWAS BEAUREGARD AK PAWAS CAMERON [https://www.fema.gov/ht/press-release/20201016/drive-thru-disaster-recovery-centers-re-opening-beauregard-and-cameron] BATON ROUGE, LA. – Sant Repriz apre Dezas ki bay Sèvis Etan w nan Machin pral Relouvri nan Pawas Beauregard ak Pawas Cameron nan dat oktòb 13. Sèvis Etan w Nan Machin nan gen pèsonèl FEMA kap travay ladan e ki disponib pou eskane dokiman yo pou ede avèk enskripsyon epi pou reponn kesyon sou pwogram asistans apre dezas yo. Chak sant fonksyone selon pwotokòl rijid pou COVID-19 pou asire vizitè yo an tout sekirite. Mask oswa pwoteksyon pou kouvri figi obligatwa pou antre nan sant lan ak pou resevwa sèvis. Vizitè yo rete nan machin yo. Pral genyen yon espesyalis, kap gen yon mask nan figi li, ki pral resevwa dokiman yo atravè fenèt la e lap remèt ou dokiman yo apre. Ou pa bezwen fè randevou. Orè travay yo se 7 a.m. jiska 5 p.m., sèt jou nan semèn nan. Sant sèvis etan w nan machin ou an sitiye nan: PAWAS BEAUREGARD                                               PAWAS CAMERON War Memorial Civic Center                                       Cameron Prairie National Wildlife Refuge 250 W. 7th St.                                                             1428 Hwy. LA 27 DeRidder, LA 70634                                                 Bell City, LA 70630     Gen sant adisyonèl ki deja louvri nan Louisiana. Sivivan yo ka vizite nenpòt sant nan Louisiana. Pou lokalize yon sant ki toupre w, rele Liy Asistans FEMA a, ale sou sit www.DisasterAssistance.gov [http://www.DisasterAssistance.gov] oswa egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator [https://egateway.fema.gov/ESF6/DRCLocator] oswa teledechaje Aplikasyon Mobil FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app].   Sivivan yo pa bezwen vizite yon sant sèvis etan w nan machin pou yo aplike oswa pou yo mete aplikasyon yo ajou. Pou poze kesyon endividyèl oswa pou soumèt enfòmasyon: * Rele Liy Asistans FEMA a nan 800- 621- 3362 oswa TTY 800- 462--7585 * Ale nan disasterassistance.gov/ [https://www.disasterassistance.gov/]. * Teledechaje aplikasyon mobil FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app [https://www.fema.gov/about/news-multimedia/app] Pou jwenn yon DRC ki bay sèvis etan w nan machin tekste 43362 epi tape DRC (Kòd Postal ou) pa egzanp DRC 12345. * Sou yon aparèy Android, tekste 2637643 (ANDROID) nan 43362; sou yon aparèy Apple, tekste 27753 (APPLE) nan 43362 oswa rele 211 oswa tekste 527435837 (LASHELTER) nan 898-211. * Moun ki itilize sèvis relè tankou telefòn-videyo, Innocaption oswa CapTel dwe mete FEMA okouran de nimewo espesifik yo deziyen ba yo pou sèvis sa a.   Prè SBA pou dezas ki gen enterè ki ba disponib pou biznis nenpòt gwosè ak pou sèten òganizasyon ki pa travay pou pwofi jiska $2 milyon pou dega materyèl Pou ti biznis, sa ki nan akwakilti ak majorite òganizasyon ki pa travay pou pwofi, yo ka prete jiska $2 milyon pou bezwen fon woulman menm si yo pa genyen dega materyèl.   Pwopriyetè kay yo ka prete jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo, gen jiska $40,000 ki disponib pou ranplase byen pèsonèl, tankou machin.   Biznis ak rezidan yo ka aplike sou entènèt nan  www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance [https://www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance] oswa voye yon imèl nan FOCWAssistance@sba.gov. Pou asistans pou ranpli yon aplikasyon SBA, rele 800-659-2955. Moun ki soud oswa ki gen pwoblèm pou tande ka rele nan (800) 877- 8339 oswa voye yon imèl nan FOCWAssistance@sba.gov.      Pou jwenn toudènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou visit www.fema.gov/disaster/4559 [http://www.fema.gov/disaster/4559] oswa swiv FEMA Region 6 sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].