RESKAPE LAURA YO: FÈ RAPÒ DOMAJ DELTA BAY ABITAN YO, KONPAYI ASIRANS [https://www.fema.gov/ht/press-release/20201016/laura-survivors-report-delta-damage-locals-insurance-company] Release Date: October 10, 2020 BATON WOUJ, LA. -Si ou se yon reskape Siklòn Laura epi ou rankontre nouvo domaj oubyen domaj adisyonèl kòm yon konsekans Siklòn Delta, bay rapò sa a gesyonè ijans lokal ou a ak bay konpayi asirans ou pi vit posib.   Li enpòtan pou ou ede fonksyonè leta ak lokal yo evalye tout nouvo domaj. * Dekouvri koman pou ou kontakte gesyonè ijans lokal ou nan :  http://gohsep.la.gov/ABOUT/PARISHPA. * Ou kapab fè rapò domaj ou poukont ou bay GOHSEP nan : http://arcg.is/14nOjf.   Lè li sekiritè pou ou tounen lakay ou ak nan biznis ou, pran prekosyon pandan ou ap enspekte kay ou epi dokimante domaj yo : * Mete ekipman pwoteksyon sou ou epi pran foto ak/oubyen videyo deyò ak anndan pwopriyete ou a. * Fè foto materyèl yo si ou gen entansyon retire yo oubyen avan ou itilize yo. * Kenbe echantiyon kapèt, rido ak ranbouray de tout objè ki pa ka repare ak kontni yo lè ou ap retire devri; tip ak kalite materyèl la kapab afekte montan ke yo ap peye ou pou reklamasyon ou. * Fòk ou konsyan ke ou ka bezwen pèmisyon lokal pou ou repare oubyen rekonstwi.  Kontakte depatman gesyon zòn inode ak kontriksyon pandan ou ap chèche vil ou oubyen pawas ou nan : http://floods.dotd.la.gov/lafloods/Community_Contacts.aspx. * Aprann plis sou kijan pou dokimante domaj yo nan :  floodsmart.gov/flood/document-damage [http://www.floodsmart.gov/flood/document-damage].   Touswit apre domaj inondasyon an, ou dwe kontakte konpayi asirans ou ki jere règleman asirans-inondasyon ou pou bay rapò sou pèt ki nouvo oswa adisyonèl. * Rezidan Louisiana avèk asirans kont inondasyon nan Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon: Si ou pa ka sonje non oubyen nimewo konpayi asirans ki bay sèvis règleman inondasyon FEMA, rele NFIP nan 877-336-2627 pou enfòmasyon sa. * Yo pral deziyen yon ekspè asirans pou ou epi moun sa a pral kontakte w nan lespas detwa jou apre l kòmanse travay sou reklamasyon w lan. Mande ekspè asirans lan se w elijib pou yon ajisteman reklamasyon adistans ak yon peman davans pou ede w kòmanse reprann ou.   Kòm reskape Siklòn Delta yo komanse tounen lakay yo, FEMA mete aksan sou enpòtans liy direktiv sa yo de fonksyonè lokal ou yo. * Si ou pèdi pwisans, pa itilize jeneratris anndan kay ou, garaj, besment, fos oubyen nenpòt ki kote ki pasyèlman fèman.  Kenbe li lwen espas ou abite ak pòt, fenèt epi fant ki ka pèmèt monoksid kabòn pase pour antre anndan.  Monoksid kabòn se yon gaz ki pa gen sant, li pa gen koulè ki ka tuye ou, fanmi ak tout bèt ou.  * Aprann plis sou zafè retounen lakay apre yon dezas nan :  ready.gov/returning-home [https://www.ready.gov/returning-home]    Pou dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 [http://www.fema.gov/disaster/4559] oubyen swiv kont Twitè Rejyon 6  FEMA nan twitter.com/FEMARegion6 [https://twitter.com/FEMARegion6].