ADMINISTRATÈ FEMA APWOUVE 30 ETA POU KONSÈY PANDAN KRIZ [https://www.fema.gov/ht/news-release/20200726/fema-administrator-approves-30-states-crisis-counseling] Release Date: May 2, 2020 WASHINGTON—Jodiya, FEMA anonse apwobasyon pou 30 eta ak Distri Columbia pou pwogram Asistans pou Sipò Emosyonèl ak Fòmasyon pandan Kriz li a. Pwogram nan ede finanse sèvis konsèy pandan kriz eta yo bay pou rezidan ki gen anpil estrès ak anksyete akoz pandemi coronavirus (COVID-19) la. FEMA te finanse konsèy pandan kriz nan sis eta anvansa: * $1.6 milyon dola pou California * $464,000 dola pou Massachusetts * $371,000 dola pou Michigan * $882,000 dola pou New Jersey * $1.3 milyon dola pou New York * $2.1 milyon dola pou Washington Byenke FEMA apwouve pwogram nan tou nan Florida, Illinois, Louisiana ak Texas, finansman an nan faz revizyon. Prezidan Trump delege otorite a bay Administratè FEMA ki se Pete Gaynor pou l apwouve demann pou pwogram nan pou l ka akselere asistans bay moun ki bezwen ni. ADMINISTRATÈ A APWOUVE DEMANN POU: Alabama, Arizona, Arkansas, Connecticut, Colorado, Delaware, Georgia, Idaho, Indiana, Iowa, Kansas, Maryland, Mississippi, Missouri, Nebraska, Nevada, New Hampshire, New Mexico, North Carolina, North Dakota, Ohio, Pennsylvania, Rhode Island, South Carolina, South Dakota, Tennessee, Utah, Vermont, Virginia, Wisconsin ak Distri Columbia. Pwogram Konsèy pandan Kriz FEMA a ede moun ak kominote pou yo rekipere apre efè katastwòf natirèl oswa apre katastwòf moun koze, atravè entèvansyon akoutèm ki bay sipò emosyonèl, konsèy pandan kriz, ak koneksyon pou sistèm sipò pou fanmi e pou kominote. Akoz ijans COVID-19 nan tout peyi a ak nesesite ki genyen pou pwoteje sekirite ak sante tout ameriken, sèvis konsèy pandan kriz yo pral fèt nan telefòn, nan entènèt ak nan medya sosyal. Asistans disponib tou pou tout rezidan peyi Etazini atravè Liy Asistans pou Detrès nan ka Dezas nan Sèvis Abi Sibstans ak Sante Mantal nan Depatman Sante Etazini (U.S. Department of Health and Human Services’ Substance Abuse and Mental Health Services) lè yo rele 1-800-985-5990 oswa lè yo voye yon mesaj tèks ki di TALKWITHUS nan 66746. Moun ki pale panyòl yo dwe rele 1-800-985-5990 epi prese "2" oswa voye yon tèks ki di Hablanos nan 66746 nan tout 50 eta yo. Si w ap rele apatide Pòtoriko, voye yon tèks ki di Hablanos nan 1-787-339-2663. Si w soud oswa si w gen difikilte pou tande, itilize sèvis relè w pi pito a pou w rele Liy Asistans pou Detrès nan ka Dezas la nan 1-800-985-5990 oswa TTY 1-800-846-8517. Sèvis sipò pandan kriz sa a gratis, nan plizyè lang, li konfidansyèl, e li disponib pou tout rezidan peyi Etazini ak teritwa li yo. ###