FICH ENFÒMASYON: "DOMAJ GRAV" – KISA SA VLE DI? [https://www.fema.gov/ht/press-release/20201016/fact-sheet-substantial-damage-what-does-it-mean] Release Date: December 2, 2019 Pou kominote ki patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) a, òdonans jesyon teren inondasyon yo nesesè pou yo detèmine domaj grav yo.  Règleman sa yo dwe anplas pou rezidan yon kominote ka achte asirans inondasyon atravè NFIP a. Domaj grav aplike pou yon batiman ki nan yon Zòn ki gen Risk Espesyal pou Inondasyon (Special Flood Area, SFHA), kèlkeswa rezon pou domaj la. Pousantaj la ka varye pami jiridiksyon yo men yo pa dwe pi ba pase estanda NFIP yo.   Pa egzanp, si valè yon batiman sou mache a anvan domaj yo te $200,000 e yo evalye reparasyon yo ap koute $120,000, batiman sa a genyen domaj grav. Yo pa enkli valè tè a lè y ap fè detèminasyon an.   FEMA pa fè okenn detèminasyon konsènan domaj grav epi li pa avize okenn pwopriyetè konsènan detèminasyon sou domaj. Ekip evalyasyon domaj FEMA yo ka gen pou yo reponn a demann lokal pou evalye kantite domaj ki fèt akoz katastwòf pou sèten batiman. Yo bay jiridiksyon lokal yo enfòmasyon an, ki yo menm ka fè detèminasyon domaj grav sou baz pwòp òdonans yo. Enfòmasyon sa a ede pwopriyetè yo deside si pou yo swa repare oubyen ranplase yon kay, oubyen kijan pou yo fè sa, e si y ap bezwen fè travay adisyonèl pou yo reponn ak kòd epi òdonans lokal yo, tankou soulve yon batiman nan yon SFHA.   Si yon ofisye lokal detèmine yon batiman ki nan yon zòn indondasyon gen domaj grav, se pou yo vin konfòm ak règlemantasyon jesyon zòn inondasyon yo.   Pwopriyetè yo kapab: * Soulve batiman yo, oubyen chanje yo nan kèk lòt fasyon pou yo ka vin konfòm ak règlemantasyon lokal zòn inondasyon yo epi evite pèt alavni yo; * Demenaje oubyen kraze batiman an; oubyen, * Ranfòse yon batiman ki pa rezidansyèl oubyen ki istorik kont inondasyon. Tout pwopriyetè yo dwe verifye avèk ofisye batiman lokal yo pou detèmine ki pèmi yo bezwen pou reparasyon anvan yo kòmanse travay la. Toudepann kòd ak règleman lokal yo, ka genyen konsekans grav si w pa konfòm ak pwosesis pèmi an.   Pwopriyetè ki genyen yon politik asirans inondasyon nan NFIP a e ki gen yon batiman ki gen domaj grav (akoz inondasyon) nan yon SFHA ka gen chans pou yo jwenn fon adisyonèl - ke yo rele Konfòmite ak Ogmantasyon sou Pri (Increased Cost of Compliance, ICC) - nan politik asirans inondasyon yo (jiska $30,000) pou ede yo kouvri depans pou soulve batiman, demenaje, detwi yon batiman, oubyen ranfòse batiman ki pa rezidansyèl kont inondasyon. Pou plis enfòmasyon sou ICC, kontakte ajan asirans ou a.   Pou plis enfòmasyon osijè domaj grav ak lòt pwoblèm ki gen rapò ak zòn inondasyon yo, kontakte administratè zòn inondasyon lokal ou a, Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an (800-427-4661) oubyen rele 711 (TTY ak lòt sèvis disponib) ak 866-337-4262 pou VRS. Ou kapab voye yon imèl tou nan FloodSmart@dhs.gov [https://edit.fema.gov/voyeimèlnan:FloodSmart@dhs.gov] pou w mande enfòmasyon nan yon lang ki pa Anglè. Enfòmasyon an disponib tou nan www.fema.gov/ [https://www.fema.gov/] ak www.floodsmart.gov [https://www.fema.gov/national-flood-insurance-program].   Rezidan Texas yo kapab aprann kijan pou yo achte yon asirans inondasyon lè yo rele ajan asirans yo oubyen lè yo rele 800-427-4661, rele 711. Enfòmasyon an disponib sou entènèt tou nan floodsmart.gov [http://floodsmart.gov/] Pou enfòmasyon osijè inondasyon ak ti konsèy sekirite al vizite www.ready.gov/floods [https://www.ready.gov/floods]. Ou ka jwenn sitwèb pou lang Panyòl la nan www.listo.gov [https://www.listo.gov/].   Pou jwenn plis enfòmasyon sou Tanpèt Twopikal Imelda ak rekiperasyon nan Texas, al vizite paj entènèt Tanpèt Twopikal Imelda a nan www.fema.gov/disaster/4466 [http://www.fema.gov/disaster/4466], the @FEMARegion6 Twitter account [https://twitter.com/FEMARegion6], www.fema.gov/txmit [http://www.fema.gov/txmit] ak sitwèb Inite Jesyon Ijans nan Texas (Texas Division of Emergency Management) la [https://www.tdem.texas.gov/]. Moun ki itilize TTY yo ka rele 800-462-7585.   ###   Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.   Asistans pou rekiperasyon nan ka dezas disponib san distenksyon ras, koule, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, nivo ann anglè osinon nivo ekonomik. Si ou menm oswa yon moun ou konnen te fè fas a diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362, vwa / VP / 711. Operatè ki pale plizyè lang disponib. Moun ki itilize TTY yo ka rele 800-462-7585.   Administrasyon Ti Komès Etazini se sous lajan prensipal gouvènman federal la pou rebati pwopriyete prive ki domaje nan katastwòf alontèm. SBA a ede biznis tout gwosè, òganizasyon ki p ap travay pou lajan, pwopriyetè ak lokatè finanse efò reparasyon ak rekonstriksyon epi li kouvri depans pou ranplase pwopriyete prive ki pèdi osinon andomaje nan dezas. Pou jwenn plis enfòmasyon, aplikan yo ka kontakte Sant Sèvis Kliyan Asistans pou Dezas SBA a nan 800-659-2955. Moun ki itilize TTY yo ka rele tou 800-877-8339. Epitou, aplikan yo ka voye yon imèl bay disastercustomerservice@sba.gov oswa vizite SBA nan www.SBA.gov/disaster disaster [http://www.sba.gov/disaster].