YO PWOLONJE DAT LIMIT POU W ANREJISTRE POU JWENN ASISTANS POU SIKLÒN MICHAEL NAN FLORIDA JISKA LENDI 17 DESANM [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230502/deadline-register-disaster-assistance-hurricane-michael-florida-extended] Release Date: December 8, 2018 TALLAHASSEE, Fla. – Sivivan siklòn Michael nan Florida yo genyen jiska Lendi 17 desanm pou yo anrejistre pou yo jwenn asistans pou katastwòf. Pwopriyetè kay ak lokatè kapab kalifye pou asistans pou kouvri bezwen esansyèl yo genyen ki gen rapò ak katastwòf la e ke asirans pa kouvri. Sa ka gen ladann sibvansyon pou kouvri reparasyon debaz pou fè kay yo abitab, lajan pou kouvri pèt pwopriyete pèsonèl ki gen rapò ak katastwòf yo, epi plizyè kalite asistans tanporè pou lojman yo.  Vizite DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/] pou w anrejistre sou entènèt oubyen rele liy asistans telefonik FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585). Lendi se dat limit tou pou w aplike pou prè pou katastwòf ki gen enterè ba yo nan Administrasyon Ti Biznis Etazini. Prè SBA pou katastwòf yo se pi gwo sous lajan federal pou katastwòf pou pwopriyetè kay, lokatè ak biznis yo. Lokatè ak pwopriyetè kay ke yo refere nan SBA pou yo konplete yon aplikasyon pou prè yo dwe fè sa pouke yo ka kontinye kalifye pou asistans yo ka jwenn nan FEMA. Pwosesis asistans federal la ap kanpe si aplikasyon pou prè a pa ranpli, donk li enpòtan pou sivivan yo ranpli aplikasyon an menmsi yo pa gen lentansyon aksepte prè a oubyen si yo santi yo ka pa kalifye. Sivivan yo ka soumèt aplikasyon prè SBA yo a sou entènèt nan https://disasterloan.sba.gov/ela. Pou plis enfòmasyon, vizite sba.gov/disaster [http://www.sba.gov/disaster] oubyen kontakte Sant Sèvis Kliyan pou Asistans SBA pou Katastwòf la nan nimewo 800-659-2955, nan imèl DisasterCustomerService@sba.gov. [https://edit.fema.gov/voyeimèlnan:DisasterCustomerService@sba.gov.] Moun ki soud ak sa ki gen difikilte pou tande kapab rele (800) 877-8339. Sivivan katastwòf ki bezwen èd ak pwosedi anrejistreman an kapab vizite nenpòt sant rekiperasyon pou yo pale ak reprezantan FEMA, SBA, HUD ak lòt ajans yo an pèsòn. Pou w lokalize sant ki pi pre w la, vizite FEMA.gov/DRC [http://www.fema.gov/DRC] oubyen rele liy asistans telefonik FEMA a.  Sivivan ki rate dat limit 17 desanm lan dwe bay jistifikasyon alekri anvan yo ka trete anrejistreman yo a. Lèt la dwe bay detay sou sikonstans enprevi ki te anpeche yo soumèt aplikasyon yo a atan. Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael nan Florida, vizite FloridaDisaster.org [http://www.floridadisaster.org/] ak FEMA.gov/ht/Disaster/4399 [http://www.fema.gov/ht/Disaster/4399]. ###     Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.   Pou yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte akoz Siklòn Michael, vizite www.floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/info]   Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan  @FEMARegion4 [https://twitter.com/FEMARegion4] ak @FLSERT. [http://www.twitter.com/flsert] Ou ka vizite paj Facebook FEMA ak Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA [https://facebook.com/fema]ak Facebook.com/FloridaSERT [http://www.facebook.com/floridasert].