BRI KOURI AK VERITE SOU ÈD POU DEZAS [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230502/fact-sheet-rumors-vs-facts-about-disaster-assistance] Release Date: November 2, 2018 BRI KOURI: FEMA ede sèlman pwopriyetè kay ki gen asirans. VERITE: Asistans FEMA pa sèlman pou pwopriyetè kay yo. FEMA kapab ede moun k ap lwe epi ki te pèdi pwopriyete pèsonèl oswa ki oblije deplase. Si yon viktim pa gen asirans sa pa pral anpeche li kalifye pou jwenn èd. Bri Kouri: FEMA ap peye franchiz asirans. VERITE:   Selon lalwa, FEMA pa ka peye franchiz asirans. BRI KOURI: FEMA ap chaje pou retire debri. VERITE: FEMA pa chaje pou retire debri. An verite, FEMA ka ranbouse vil oswa ajans eta yo pou depans rezonab ki asosye ak efò pou retire debri tankou travay, fè pou jete yo, depans pou ekipman, depans pou materyo, ak depans pou bay kontra.   BRI KOURI: FEMA ap kouvri pou manje moun pèdi. VERITE: Pwogram asistans pou dezas FEMA a pa kouvri pou mande moun pèdi. Depatman Timoun ak Fanmi (Department of Children and Families), nan yon potekole ak Depatman Agrikilti Etazini (U.S. Department of Agriculture), te lanse yon Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè pou Dezas  (Disaster Supplemental Nutrition Assistance Program, D-SNAP) pou fanmi ki kalifye nan 12 konte. Ale souSitwèb D-SNAP [http://www.dcf.state.fl.us/programs/access/dsnap/] la pou jwenn enfòmasyon pou enskripsyon, adrès biwo yo, ak lè yolouvri.   Bri Kouri: FEMA ap bay tout moun ki enskri $500. Verite:   FEMA pa mache bay moun lajan kach pou yo enskri. Yo detèmine sibvansyon pou retablisman viktim dezas yo selon faktè tankou pwoteksyon asirans ak kantite deja li te pran pandan dezas la.   BRI KOURI: Lajan sibvansyon FEMA se yon kredi epi w ap bezwen remèt li. VERITE: Ou pa bezwen remèt sibvansyon FEMA yo.   BRI KOURI: FEMA ap peye benevòl li yo epi li te mande yo pou yo kontwole kantite èdtan yo travay. VERITE: FEMA pa anplwaye benevòl. Moun kap chèche travay pou FEMA ta dwe ale sou USAJOBS.gov.                                                                                                    BRI KOURI: Viktim yo kapab kontakte enspektè yo. VERITE:  Enspektè yo kontakte sivivan yo sèlman apre yo te enskri ak FEMA pou pwograme yon enspeksyon kay aplikan ki domaje a. Pa gen okenn nesesite pou kontakte yon enspektè anvan enspeksyon an.   BRI KOURI: Comcast ap bay twa (3) mwa sèvis kab gratis pou viktim ki enskri ak FEMA yo. VERITE: Sa se manti. FEMA pa fèt te okenn kalte aranjman konsa epi li pa andòse konpayi prive yo.    NÒT: FEMA gen yon paj pou move enfòmasyon y ap bay konsènan Siklòn Michael nan https://www.fema.gov/hurricane-michael-rumor-control                                      ###