KOLEKSYON RIGHT OF ENTRY POU OPERASYON TÈT KAY BLE AP FINI 11 NOVANM [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/operation-blue-roof-right-entry-collection-ends-november-11] Release Date: November 1, 2018 TALLAHASSEE, Florida – Koleksyon Dwa pou Antre (Right of Entry, ROE) pou Operasyon Tèt Kay Ble (Operation Blue Roof) ap fini 11 novanm 2018 a 6zè diswa lè lokal pou zòn yo a. N ap toujou evalye ROE yo voye 11 novanm oswa anvan sa. Enstalasyon tèt kay ble yo ap kontinye jiskaske yo fini.   "Nou ankouraje pwopriyetè yo pwofite pwogram gratis sa a. Nou pwomèt nenpòt ki viktim ki soumèt yon ROE 11 Novanm, oswa anvan, yon reprezantan kalifye U.S. Army Corps of Engineers ki kalifye pral evalye tèt kay ou. Se sa Lyetnan Kolonèl Richard Gussenhoven, kòmandan Ekip nan Biwo Lokal Retablisman pou Michael a te di. Pwogram Tèt Kay ble a bay yon kouvèti tanporè ak fèy plastik ble ranfòse pou ede diminye plis dega pou pwoprieyte Siklòn Michael te afekte yo pandan y ap tann pou fè reparasyon pèmanan yo. Pwogram sa a disponib gratis pou pwopriyetè kay yo. Pou foto ak videyo nan pwogram nan, ale nan www.dvidshub.net/unit/usacesad [http://www.dvidshub.net/unit/usacesad].   Rights of Entry ap kontinye kolekte sou entènèt nan   www.usace.army.mil/blueroof   [http://www.usace.army.mil/blueroof] oswa fas a fas nan adrès yo ki anba  la a jiska 11 novanm.   * Sant Retablisman Konte Bay pou Dezas - Bay County Public Library, 898 West 11th Street, Panama City, FL 32401 * Konte Bay - Walmart Supercenter, 2101 S FL-77, Lynn Haven, FL 32444 * Konte Bay - Walmart, 15495 Panama City Beach Parkway, Panama City Beach, FL 32413 * Konte Calhoun - Sam Atkins Park, NW Silas Green Street, Blountstown, FL 32424 * Konte Gadsden DRC - (Old) Gretna Elementary School, 706 Martin Luther King Junior Boulevard, Gretna, FL 32332 * Konte Gulf - Port Saint Joe Library, 110 Library Drive, Port Saint Joe, FL 32456 * Konte Gulf - Wewahitchka Information Center, 211 N State Road 71, Wewahitchka, FL 32465 * Konte Jackson DRC - University Extension Office, 2737 Penn Avenue, Marianna, FL 32448 W ap jwenn dènye enfòmasyon nan www.usace.army.mil/blueroof [http://www.usace.army.mil/blueroof] ak nan 888-ROOF-BLU (888-766-3258). W ap jwenn enfòmasyon nan lang angle ak panyòl nan nimewo sa a.   Kondisyon pou Kalifye • Sèlman rezidans prensipal ak tèt kay chengèl estanda ki kalifye pou resevwa yon tèt kay ble tanporè. • Y ap repare tèt kay metal ak kay mobil yo nan mezi li posib ka pa ka. • Tèt kay ki gen plis pase 50 pousan domaj nan estrikti yo pa kalifye pou pwogram sa a. • Y ap vizite chak pwopriyetè ki te siyen yon fòm Right of Entry. • Si yo lwe yon kay, lokatè a dwe bay pèmisyon alekri li te jwenn nan men pwopriyetè a anvan li siyen fòm Right of Entry a. ### Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf. FEMA ap bay tout asistans apre katastwòf san okenn diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, sèks, (ki gen ladan asèlman seksyèl), relijyon, limitasyon nan pale Anglè, kondisyon ekonomik, oubyen reprezay. Si ou panse yo pa respekte dwa sivil ou yo, rele 800-621-3362 oubyen 800-462-7585 (TTY/TDD).