ESPESYALIS FEMA YO OFRI KONSÈY POU MITIGASYON INONDASYON NAN FWA ETA NORTH CAROLINA A. [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230502/fema-specialists-offer-mitigation-tips-north-carolina-state-fair] Release Date: October 9, 2018 RALEIGH, NC - Sivivan dezas yo ka jwenn konsèy sou fason pou rebati yon fason pi solid kont dega tanpèt pi devan nan Fwa Eta North Carolina a 11 oktòb. Espesyalis nan mitigasyon inondasyon FEMA yo ka reponn kesyon sou reparasyon kay, fason pou kreye plan dezas, fason pou sanble yon kit sekou ansanm ak enpòtans asirans pou inondasyon. Mitigasyon se jefò pou redwi kantite moun ki mouri ak pwopriyete ki domaje lè nou bese enpak dezas pi devan. Espesyalis yo ap disponib kabin mitigasyon an nan: Scott Building, Space 069 North Carolina State Fair 1025 Blue Ridge Road Raleigh, N.C. 27607   Jedi 11 oktòb 2018 Ant 4 trè nan apremidi ak 9:45 nan aswè lè lokal   12 oktòb jiska 21 oktòb 2018 ant 9 vè nan maten ak 9:45 nan aswè lè lokal   Pral gen plis aktivite sou mitigasyon nan magazen aranjman kay nan konte dezas la te frape yo pandan mwa oktòb.   ###   Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.   Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon nan Kawolin Dinò apre pasaj Siklòn Florence al vizite NCDPS.gov/NCEM [https://www.ncdps.gov/ncem]ak FEMA.gov/Disaster/4393 [http://www.fema.gov/Disaster/4393]. Suiv nou sou Twitter: @NCEmergency [https://twitter.com/NCEmergency]ak @FEMARegion4. [https://twitter.com/femaregion4]   Asistans pou rekiperasyon nan ka dezas disponib san distenksyon ras, koule, relijyon, nasyonalote, sèks, laj, andikap, nivo ann anglè osinon nivo ekonomik. Si ou menm osinon yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (711/VRS - Video Relay Service). Operatè ki pale plizyè lang disponib. (Peze 2 pou espanyòl). TTY rele   800-462-7585   [tel:%208004627585] .   SBA a se prensipal sous lajan gouvènman federal la pou rekonstriksyon pwopriyete prive ki andomaje nan dezas a lontèm. SBA a ede biznis tout gwosè, òganizasyon ki p ap travay pou lajan, pwopriyetè ak lokatè finanse efò reparasyon ak rekonstriksyon epi li kouvri depans pou ranplase pwopriyete prive ki pèdi osinon andomaje nan dezas. Prè pou dezas sa yo kouvri pèt asirans pa fin kouvri ansanm ak lòt rekiperasyon epi li pa fè menm travay lòt ajans osinon lòt enstitisyon deja ap fè. Pou plis enfòmasyon, kandida yo ka kontatekte Sant Sèvis Kliyan Asistans pou Dezas SBA a (Disaster Assistance Customer Service Center) nan (800) 659-2955, ekri nan disastercustomerservice@sba.gov osinon vizite sit entènèt SBA a nan www.sba.gov/disaster [http://www.sba.gov/disaster]. Moun soud ak moun ki pa tande byen ka rele nan (800) 877-8339.