KONSÈY GRATIS POU REKONSTWI AK REPARASYON POU USVI [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/free-rebuilding-and-repair-advice-usvi] Release Date: February 28, 2018 ST. CROIX, ZILE VYÈJ—Pandan Abitan Zile Vyèj yo ap fè reparasyon oswa rekonstwi kay yo ki te domaje akòz siklòn yo, FEMA ap ofri konsiltasyon ak dokiman gratis sou fason pou fè kay yo vin pi solid ak pou elimine danje yo. Koumanse 28 fevriye, espesyalis yo pral disponib pou reponn kesyon epi pou ofri konsèy pou amelyore jan kay yo bati ansanm ak bonjan metòd pou anpeche oswa pou redwi domaj dezas pidevan yo gendwa lakòz. Pifò enfòmasyon ak dokiman gratis yo adapte pou moun k ap fè reparasyon yo yomenm oswa pou antreprenè ak bòs ki responsab pou fè reparasyon yo. Konseye yo ap disponib nan adrès ki make anba yo, nan dat ak lè ki endike yo: ZILE ADRÈS DAT YO ORÈ ST. CROIX KA-MA-KRIS 47 Mars Hill Road Frederiksted 28 fevriye – 5 mas 8è:30 a.m. pou 5è p.m. ST. THOMAS Coral World Ocean 6450 Coki Point Rd. 28 fevriye – 5 mas 8è:30 a.m. pou 5è p.m. W ap jwenn plis enfòmasyon toujou sou fason pou ranfòse pwopriyete w nan https://www.fema.gov/protect-your-property. Espesyalis FEMA yo kapab bay moun yon oryantasyon global konsènan politik pou asirans inondasyon epi ofri asistans teknik pou ede moun refè.  Si ou vle kontakte FEMA, rele Nimewo Asistans lan nan 800-621-3362. Moun ki sèvi ak 711 oswa ki itilize Sèvis Relè Videyo (Video Relay Services) gendwa rele nan 800-621-3362. Moun ki sèvi ak TTY gendwa rele FEMA dirèkteman nan 800-462-7585. Gen operatè ki pale anpil lang ki la pou ede w. Gen moun pou reponn telefòn la soti nan 8è a.m. rive 12 p.m. (midi) è lokal, 7 jou sou 7, jiskaske nou fè yon lòt anons.   # # #   _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. __Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo__. _ _Apr__è__ gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redr__è__sman alont__è__m. Asistans sa a se pr__è__ lajan ki gen enter__è__ ki ba epi li disponib pou tout biznis k__è__lkeswa gwos__è__ yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou f__è __pwofi ansanm ak pou pwopriyet__è__ kay ak lokat__è__ ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la._ _Swiv __nou sou__ twitter nan_ _twitter.com/femaregion2_ [https://twitter.com/femaregion2]_ ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands_ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands]_._   _Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  _ _Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_.  _