ÈD TANPORÈ LOJMAN FEMA POU SIVIVAN SIKLÒN IRMA FLORID YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/fema-housing-help-temporary-florida-hurricane-irma-survivors] Release Date: February 6, 2018 _Pran Kontwòl Rekiperasyon an _ ORLANDO, FLA. – Sivivan siklòn Irma yo ta dwe kontinye travay pou yo retounen lakay yo kòm èd lojman FEMA se pou yon titan. Dezas Federal ede avèk sejou otèl, asistans lwaye, trelè vwayaj ak apatman FEMA peye yo se senpleman solisyon alontèm pou sivivan kap travay pou yo retounen nan kay yo.  Sa a gen ladan repare oswa rebati kay yo siklòn nan te andomaje. Sivivan Siklòn Irma yo kap resevwa èd nan FEMA gen anpil resous nan Florid pou sipòte objektif rekiperasyon yo epi retounen lakay yo.  Asistans posib avèk plan lojman alontèm gen ladan: * Rele liy èd FEMA nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. * Moun sila yo kap travay avèk kowòdonatè dosye FEMA yo ta dwe kontakte yo pou oryantasyon nan bi pou devlope plan lojman reyalis. * Rele 2-1-1 pou konekte avèk ajans volontè yo ki kapab ede.   * Ale sou entènèt nan FloridaHousingSearch.org [http://floridahousingsearch.org/]pou jwenn lojman ki disponib.   * Ale sou entènèt nan www.hud.gov/program_offices/housing/sfh/lender/lenderlist [https://www.hud.gov/program_offices/housing/sfh/lender/lenderlist]pou chèche  Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini pou kreditè yo ki kapab ede bay finansman pou rebati yon kay. Yo ka rele HUD tou nan 800-569-4287 oswa TTY 800-877-8339. _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo._ _Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585._ _Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj._ ###