EGLIZ YO GENJISKA 16 FEVRIYE POU APLIKE POU ASISTANS PIBLIK FEMA [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210318/houses-worship-have-until-feb-16-apply-fema-public-assistance] Release Date: January 30, 2018 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – Selon chanjman resan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) te fè nan politik li pou otorize asosyasyon prive ki pa pou fè pwofi (PNP) pou yo elijib pou asistans aprè dezas, dat limit pou antite sa yo kapab prezante yon Demann pou Asistans Piblik nan Zile Vyèj Ameriken pwolonje jiska 16 FEVRIYE 2018. FEMA te anonse chanjman nan politik li nan dat 2 janvye 2018. Chanjman sa yo anplas pou tout dezas yo te deklare nan yon deklarasyon ofisyèl nan dat oswa aprè 23 dawout 2017, ikonpri pou siklòn Irma ak Maria. Selon nouvo politik la, egliz ki pou òganizasyon PNP charitab oswa ki administre pa òganizasyon sa yo gendwa aplikan ki elijib pou asistans finansye, si yon dezas te domaje oswa detwi etablisman yo. Asistans finansyè FEMA pou reparasyon oswa ranplasman yon kay bondye limite pou depans yon prè lajan nan men Administrasyon Ameriken pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) p ap garanti pou yon prè dezas. FEMA ap bay asistans finansyè si egliz la jwenn refi pou yon prèoswa si prèki otorize a pa kont pou garanti depans pou reparasyon yo.   ### _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo__. _ _Apr__è__ gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redr__è__sman alont__è__m. Asistans sa a se pr__è__ lajan ki gen enter__è__ ki ba epi li disponib pou tout biznis k__è__lkeswa gwos__è__ yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou f__è __pwofi ansanm ak pou pwopriyet__è__ kay ak lokat__è__ ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la._ _Swiv __nou sou__ twitter nan_ _twitter.com/femaregion2_ [https://twitter.com/femaregion2]_ ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands_ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands]_._   _Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  _ _Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_.  _