ASIRANS KONT INONDASYON: BON SANS NAN DOMÈN FINANSYE KOUNYE A AFEKTE ASISTANS AKOZ KATASTWÒF PI DEVAN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230502/flood-insurance-good-financial-sense-now-affects-disaster-assistance-later] Release Date: January 3, 2018 Nan Florid, mwens pase 50 pousan nan moun k ap viv nan yon zòn ki gen gwo risk pou inondasyon genyen asirans kont inondasyon; aprè siklòn Irma, anpil te pwobableman swete yo te gen youn. Enfòmasyon ki anba a ka ede w nan desizyon w ap pran pou achte asirans kont inondasyon. * Ozetazini, inondasyon se katastwòf natirèl ki pi komen epi ki koute pi chè ki lakoz dèmilyon dola domaj chak ane. * Inondasyon ka rive nenpòt kote. Plis pase 20 pousan nan reklamasyon pou inondasyon yo soti nan pwopriyete ki nan zòn ki andeyò zòn inondasyon ki gen gwo risk. * Asirans kay ak asirans pou lokatè pa kouvri domaj inondasyon. * Asirans kont inondasyon ka peye reklamasyon pou domaj lè pa gen deklarasyon prezidansyèl ki deklare konsènan yon katastwòf. * Pifò asistans federal pou katastwòf vin sou fòm lajan ou ka prete ak enterè ki ba nan men Administrasyon Ti Antrepriz Ozetazini (_U.S. Business Administration, SBA_) epi ou dwe remèt lajan sa a. Ajans Federal pou Jesyon Kadijans (_Federal Emergency Management Agency, FEMA_) ofri sibvansyon pou katastwòf ou pap bezwen remèt, men souvan montan sa a mwens pase sa w bezwen pou retabli. Yon reklamasyon nan asirans kont inondasyon w lan ta kapab epi souvan ofri plis lajan pou retablisman pase valè ou ka elijib pou resevwa nan yon sibvansyon pou asistans endividyèl nan men FEMA oswa yon prè lajan nan SBA. Ou pa bezwen remèt lajan sa yo. ZÒN KI GEN GWO RISK OSWA ZÒN DANJE INONDASYON ESPESYAL (_SPECIAL FLOOD HAZARD AREAS, SFHAS)_ * Nan yon zòn ki gen gwo risk pou inondasyon oswa yon zòn danje inondasyon espesyal (SFHA), genyen omwen yon chans sou kat pou gen inondasyon pandan yon ipotèk 30 an. * Polis asirans kont inondasyon Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon (_National Flood Insurance Program, NFIP_) kouvri kay la. Ou ka achte kouvèti pou sa ki anndan kay la separeman. * Si w vann kay ou a ki nan yon SFHA, bank k ap prete lajan pou peye kay la ka mande pou nouvo pwopriyetè kay la achte kouvèti asirans kont inondasyon pou kay la. * Nou ankouraje pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè biznis pou yo achte kouvèti pou bagay yo gen nan kay yo ak nan biznis yo. * Sivivan ki resevwa asistans federal akoz katastwòf epi ki abite nan yon SFHA oblije genyen asirans kont inondasyon sou pwopriyete yo ki afekte. * Ou dwe genyen kouvèti asirans kont inondasyon pou adrès pwopriyete ki domaje akoz inondasyon an. Yo transfere kondisyon pou asirans kont inondasyon bay nenpòt nouvo pwopriyetè nan adrès la epi asirans lan kontinye toutotan adrès la egziste. * Ou ka resevwa yon sètifika asirans kont inondasyon pou yon polis asirans gwoup kòm yon pati nan sibvansyon nan pwogram federal pou asistans endividyèl ak fanmi yo (_Individuals and Households Assistance,_ _IHP)_. * Si w se yon lokatè epi w resevwa asistans federal akoz katastwòf, ou dwe genyen kouvèti asirans kont inondasyon pou bagay ki anndan lakay ou toutotan w ap viv nan pwopriyete ou lwe a ki domaje akoz inondasyon. * Lalwa federal egzije pou achte asirans kont inondasyon kòm yon kondisyon pou yo bay lajan aprè yon katastwòf. * Si w pa gen asirans kont inondasyon sa pral afekte kapasite w pou jwenn plis asistans akoz katastwòf. * Yon polis asirans nan NFIP vin anvigè 30 jou aprè w fin achte l. *  FEMA ankouraje w pou achte asirans kont inondasyon anvan pwochen inondasyon an. NFIP paka peye yon reklamasyon si w pa gen yon polis asirans ki anvigè lè domaj la rive a.   Pou plis enfòmasyon konsènan NFIP a ak asirans kont inondasyon, rele 800-427-4661 oswa rele ajan asirans ou an, oswa ale sou entènèt nan www.fema.gov/national-flood-insurance-program [http://www.fema.gov/national-flood-insurance-program]. ###