YO ANKOURAJE ÒGANIZASYON KI PA POU FÈ PWOFI YO APLIKE POU ASISTANS DEZAS ANVAN DAT LIMIT 29 DESAM LAN [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/nonprofit-organizations-urged-apply-disaster-assistance-prior-dec-29] Release Date: December 26, 2017 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – ZILE VYÈJ AMERIKEN YO GEN YON ERITAJ KILTIRÈL KI RICH AK MIZE, ACHIV, BIBLIYOTÈK, SIT AKEYOLOJIK AK DISTRI ISTORIK NAN TOUT TERITWA A. ANPIL NAN RESOUS KILTIRÈL KI GEN ANPIL VALÈ SA YO TE SIBI ANPIL DOMAJ PANDAN SIKLÒN IRMA AK MARIA – EPI YO GENDWA BEZWEN REPARASYON KI IJAN POU SOVE DOKIMAN ISTORIK AK ÈVDA YO. Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) lan vle pou òganizasyon ki pa pou fè pwofi yo konnen gendwa gen èd pou ede yo refè ki disponib nan divès sous. Pou kapab benefisye tout tip asistans ki gendwa disponib yo, li enpòtan pou òganizasyon sa yo prezante yon Demann pou Asitsans Piblik (Request for Public Assistance, RPA) opre Ajans Teritoryal Jesyon Ijans Zile Vyèj (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) anvan DAT LIMIT 29 DESANM LAN. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan kalifikasyon founisè sèvis esansyèl ak kritik ak kalifikasyon òganizasyon karitativ prive yo, al gade nan Gid Pwogram ak Politik Asistans Piblik ki sou wèbsayt FEMA an nan https://www.fema.gov/public-assistance-policy-and-guidance Kandida Aplikan yo dwe prezante dokiman sila yo: * Fòm RPA nan https://www.fema.gov/media-library/assets/documents/10145 * Kesyonè Enstalasyon Prive ki pa pou Fè Pwofi (Private Nonprofit Facility Questionnaire) nan https://www.fema.gov/media-library/assets/documents/10579 [https://www.fema.gov/media-library/assets/documents/10579] * Lèt IRS 501 (c), (d) oswa (e) egzanpsyon taks oswa dokiman ki soti nan men teritwa a ki sètifye òganizasyon an se yon antite ki pa pou fè pwofi epi ki pa jenere okenn revni * Òganigram oswa estati yo ST. CROIX: ST. THOMAS/ST. JOHN: Malinda K. Vigilant-Messer Deputy Public Assistance Officer Office: 340-712-0335 malinda.vigilant@vitema.vi.gov Renata Christian-West Territorial Public Assistance Officer Office: 340-774-2244 renata.christian@vitema.vi.gov   Si se yon enstitisyon edikasyon, tanpri ajoute tou dokiman akreditasyon oswasètifikasyon Kontak gouvènman teritoryal yo dwe resevwa tout dokiman yo anvan DAT LIMIT 29 DESANM LAN. ###   _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800- 462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo._ _Aprè gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redrèsman alontèm. Asistans sa a se prè lajan ki gen enterè ki ba epi li disponib pou tout biznis kèlkeswa gwosè yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou fè pwofi ansanm ak pou pwopriyetè kay ak lokatè ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la._ _Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan __www.informusvi.com _ [http://www.informusvi.com/]_oswa nan _www.usviupdate.com_. _ [http://www.usviupdate.com/]_Swiv nou sou twitter nan _twitter.com/femaregion2 [http://twitter.com/femaregion2]_ak __www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands._ [http://www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands] _Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org._ [http://www.nvoad.org/]_ Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan __www.USVIrecovery.org._ [http://www.usvirecovery.org/]