SANT POU RETABLISMAN AKOZ KATASTWÒF AP FÈMEN NAN CASSELBERRY [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/disaster-recovery-center-close-casselberry] Release Date: December 8, 2017 ORLANDO, FLA. – Yon sant pou retablisman akoz katastwòf (Disaster Recovery Center, DRC) gen pou l fèmen a 7:00 p.m. samdi 9 desanm nan Casselberry. Sant pou retablisman akoz katastwòf yo ofri sipò endividyèl pou moun ak pwopriyetè ti antrepriz. Sivivan ki toujou bezwen èd ka vizite nenpòt DRC. Yo ka jwenn youn ki toupre yo lè yo rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 (VWA, 711 OSWA VS) OSWA 800-462-7585 (TTY). Nimewo liy asistans yo ouvri apati 7 A.M. JISKA 11 P.M., SÈT JOU PA SEMÈN. Ou ka jwenn yon lokalizatè DRC nan https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers oswa lè w itilize FEMA App [https://www.fema.gov/mobile-app] la. Leta Florid pa ofri _FOOD FOR FLORIDA_ (SNAP/D-SNAP akoz katastwòf la) nan DRC yo. W ap jwenn yon lis pou kote y ap bay _Food for Florida_ yo sou entènèt la nan http://www.dcf.state.fl.us/programs/access/fff/ W ap jwenn DRC a nan adrès ki vin aprè a:   CASSELBERRY (KONTE SEMINOLE) CENTRAL BRANCH LIBRARY 215 NORTH OXFORD ROAD CASSELBERRY, FL 32707 LÈ SÈVIS: LENDI A SAMDI 9:00 A.M. JISKA 7:00 P.M. LOKAL SA A AP FÈMEN 9 DESANM   Si w genyen yon telefòn epi/oswa aksè sou entènèt, ou ka kontakte FEMA nan youn nan fason sa yo: * Sou entènèt nan DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/]. [http://www.disasterassistance.gov/] * Rele liy asistans FEMA nan 800-621-3362 pou vwa, 711 ak Video Relay Service (VRS). Si w soud, ou gen difikilte pou tande, oswa ou gen difikilte pou pale epi w itilize yon TTY, rele 800-462-7585. Ou ka genyen lòt bezwen pandan w ap vizite yon DRC: * Si w gen yon andikap epi ou bezwen yon akomodasyon rezonab, tanpri mande pou wè yon manadjè DRC a lè w rive.  * Nou ofri sèvis tradiksyon lang pa mwayen sèvis entèpretasyon telefonik nan 200 lang.  Pou plis enfòmasyon sou siklòn Irma ak retablisman nan Florid, vizite www.FEMA.gov/IrmaFL [http://www.fema.gov/IrmaFL], kont Twitter @FEMARegion4 [https://twitter.com/FEMARegion4], oswa sitwèb Florida Division of Emergency Management [http://www.floridadisaster.org/info/irma.htm].   ###   _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou yo ak premye sekouris yo pou asire antanke yon nasyon nou travay ansam pou bati, mentni epi amelyore kapasite nou pou n prepare n pou tout danje, pwoteje kont tout danje, reponn a tout danje, rekipere de tout danje epi aleje tout danje._ _Asistans pou retablisman akoz katastwòf  la disponib san nou pa gade sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, konpetans nan lang anglè oswa estati ekonomik. __Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585._ _Asistans lojman tanporè FEMA a ak sibvansyon pou depans pou transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa mande pou yon moun aplike pou prete lajan nan SBA. Sepandan, kandida ki resevwa aplikasyon pou prete lajan nan SBA dwe soumèt aplikasyon sa yo bay responsab kredi SBA yo pou yo ka elijib pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman machin, ak depans pou demenajman ak pou mete bagay nan depo._ ###