SANT REDRÈSMAN APRÈ DEZAS (DISASTER RECOVERY CENTERS) POU SIVIVAN SIKLÒN YO RESEVWA PLIS PASE 10,000 VIZITÈ [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210318/disaster-recovery-centers-hurricane-survivors-top-10000-visitors] Release Date: November 3, 2017 ST. CROIX, ZILE VYÈJ — Sant Redrèsman aprè Dezas (Disaster Recovery Centers, DRC) yo ki gaye nan tout Zile Vyèj Ameriken yo te bat yon rekò: te gen plis pase 10,000 vizitè ki te vini pandan kèk semèn ki te pase apre premye sant lan te louvri nan dat 8 oktòb. Pou kounye a, gen nèf (9) sant redrèsman ki louvri St. Croix, St. John ak St. Thomas pou ede pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis enskri pou asistans opre Jans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA), pou tcheke snan kip wen aplikasyon yo ye epi pou moun kapab reponn kesyon konsènan asistans ki disponib sou labaz deklarasyon gwo dezas ofisyèl gouvènman an te anonse apre pasaj siklòn Irma ak Maria. Men sa Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, te di: “N ap swiv kantite moun ki vini nan sant redrèsman ak rekonstriksyon yo pou nou kapab di si resous sa yo itil sivivan yo. Etap sa vle di ke gen plis ke 10,000 fwa lè yon Abitan Zile Vyèj te resevwa èd fas-a-fas nan men ekspè retablisman ak rekonstriksyon nou yo.”   Vogel di tou ke difikite ki kontinye genyen konsènan konektivite sou tout zile yo fè ke sant redrèsman yo tounen yon sous enfòmasyon ak asistans ki gen plis valè toujou pou sivivan yo, paske yo pa kapab fè koutfil ni konekte fasilman nan resous ki sou Entènèt. Espesyalis ki soti nan FEMA ak nan Administrasyon Etazini pou TiBiznis disponib 7 jou sou 7 nan DRC yo ki sou tout teritwa a. Pifò DRC yo louvri soti 8è AM rive 5è PM toulejou, eksepte nan egliz St. Peter’s ki St. Croix, ki louvri chak dimanch soti 1è PM pou 5è PM akòz sèvis lamès lematen, ak nan adrès Rotary Club West lan St. Croix, ki fèmen sèten dimanch akòz gen evènman y ap òganize nan batiman an. Yo te pwolonje dat limit pou enskri opre FEMA pou jwenn asistans jiska 18 desanm pou toulede dezas yo, men nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri rapid-rapid pou nou kapab evalye bezwen yo epi pou yo ka resevwa asistans ki apwopriye an. ADRÈS DRC ST. CROIX YO SE: * Christiansted nan Old Post Office Building ki nan kwen Church ak Company streets * Christiansted nan Fire Captain Rencelliar I. Gibbs Fire Station nan Pasèl #1, Estate Cotton Valley, East End * Christiansted nan St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley * Frederiksted nan the Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange ADRÈS DRC ST. THOMAS YO SE: * Charlotte Amalie nan Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233 * Charlotte Amalie nan New Hotel Company Omar Brown Fire Station, Conference Room #108, 100A Ross Taarenberg * Estate Bordeaux nan Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux ADRÈS DRC ST. JOHN YO SE: * Coral Bay nan Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus * Cruz Bay nan U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay Sivivan yo ki gen aksè nan Entènèt gendwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou. ### Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl). Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo. Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma [http://www.fema.gov/hurricane-irma], www.informusvi.com [http://www.informusvi.com] oswa nan www.usviupdate.com [http://www.usviupdate.com]. Swiv nou sou twitter @femaregion2. Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org [http://www.nvoad.org].   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org [http://www.USVIrecovery.org].