FINANSMAN AKSELERE FEMA AP SIPÒTE REDRÈSMAN NAN ZILE VYÈJ AMERIKEN YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210318/expedited-fema-funding-supports-recovery-us-virgin-islands] Release Date: November 1, 2017 ST. CROIX, ZILE VYÈJ — Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) te bay plis pase $41 MILYON dola finansman akselere pou kore aktivite gouvènman Zile Vyèj yo pou netwaye debri tanpèt la te pwovoke, retabli kouran epi pwoteje rezidan yo pandan ak apre siklòn Irma ak Maria yo. Asistans lan pase nan pwogram Asistans Piblik FEMA, ki otorize pou peye 100 pousan depans travo ijans yo sou tout teritwa a pandan sis (6) mwa apre deklarasyon dezas ofisyèlgouvènman te anonse nan dat 7 septanm pou Siklòn Irma ak deklarasyon 20 septanm lan pou Siklòn Maria. Jiskaprezan, 100 pousan nan finansman FEMA te rezève pou tout pwojè ijans k ap fèt sou labaz de (2) deklarasyon yo, ikonpri: * Plis pase $24 MILYON dola pou Otorite Dlo ak Elektrisite Zile Vyèj (Virgin Islands Water and Power Authority) pou sipòte aktivite pou retabli kouran St. Croix, St. John ak St. Thomas, ikonpri nan Water Island; * $11.2 MILYON dola ba Depatman Travo Piblik Zile Vyèj (Virgin Islands Department of Public Works) pou sipòte aktivite ranmasaj debri a grann echèl; * $2.5 MILYON dola ba Gad Nasyonal Zile Vyèj pou mezi pwoteksyon pou kenbe rezidan yo an sekirite pandan tanpèt yo, epi; * $3.5 MILYON dola ba Depatman Sèvis Imen Zile Vyèj yo pou ede peye pou depans yo pou mete anplas abri ki pa pou gwoup sivivan yo. Ofisye Kowòdinasyon Federal FEMA, William Vogel, deklare:“Prremye seri prè lajan Asistans Piblik sa yo reflete angajman nou nan aktivite redrèsman ak rekonstriksyon nan tout teritwa Zile Vyèj yo. Nou sipòte ak tout fòs nou priyorite gouvènman teritoryal la pou swen sivivan yo, retabli kouran nan tout zile yo epi pou ranmase debri yo sou wout yo pou pwoteje sante ak sekirite tout moun.”  ### Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl). Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo. Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan www.fema.gov/hurricane-irma [http://www.fema.gov/hurricane-irma], www.informusvi.com [http://www.informusvi.com] oswa nan www.usviupdate.com [http://www.usviupdate.com]. Swiv nou sou twitter @femaregion2. Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan www.nvoad.org [http://www.nvoad.org].   Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan www.USVIrecovery.org [http://www.USVIrecovery.org].