TWAZYÈM SANT REDRÈSMAN APRE DEZAS LOUVRI ST. CROIX POU SIVIVAN SIKLÒN YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/third-disaster-recovery-center-opens-st-croix-hurricane-survivors] Release Date: October 21, 2017 ST. CROIX, ZILE VYÈJ — Yon twazyèm sant Redrèsman apre Dezas (Disaster Recovery Center, DRC) fèk louvri jodi a nan St. Croix pou bay enfòmasyon epi ede sivivan siklòn Irma ak Maria. Tankou tout DRC yo ki nan Zile Vyèj, nouvo sant lan louvri soti 8è AM pou 5è PM toulejou jiskasske yo bay lòt enfòmasyon. Adrès li se: * Estasyon Ponpye Fire Captain Rencelliar I. Gibbs Fire Station nan Pasèl #1, Estate Cotton Valley, East End, Christiansted. Sant Redrèsman apre Dezas yo ofri sipò fas-a-fas bay pwopriyetè kay, lokatè ak pwopriyetè tibiznis ki baze sou deklarasyon ofisyèl gwo dezas apre pasaj siklòn yo. Espesyalis redrèsman ak rekonstriksyon ki soti nan Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) ak nan Administrasyon Etazini pou Tibiznis (U.S. Small Business Administration, SBA) pare pou ede sivivan yo enskri pou jwenn asistans, bay enfòmasyon konsènan èd federal ki disponib, epi reponn kesyon. De (2) lòt sant redrèsman ki St. Croix deja anrejistre prèske 2,750 vizitè depi premye an te louvri nan dat 8 oktòb. Adrès DRC sa yo se: * Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange, Frederiksted, epi * The Old Post Office Building nan Church ak Company streets, Christiansted. Yo te deziyen St. Croix kòm yon teritwaki kalifye pou resevwa Asistans Endividyèl sou labaz deklarasyon ofisyèl gwo dezas apre Siklòn Maria. Sepandan, sivivan Siklòn Irma yo kapab jwenn repons pou kesyon yo tou nan nenpòt kilès nan pami twa (3) sant redrèsman yo. Sivivan yo ki gen aksè nan Entènèt gndwa enskri opre FEMA pou jwenn asistans nan DisasterAssistance.gov [https://www.disasterassistance.gov/], oswa yo ka rele nan 800-621-3362. Moun ki gen yon andikap ki anpeche yo pale oswa ki di pou tande epi ki sèvi ak TTY ta dwe rele nan 800-462-7585 dirèkteman. Moun ki sèvi ak 711 oswa ak Sèvis Relè Videyo (VRS) gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou. ### _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (sèvis vokal, 711/VRS – Sèvis Relè Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operatè ki pale plizyè lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip entèvansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo__. _ _Apre gwo dezas, Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U. S. Small Business Administration, SBA) se premye sous Fon Federal pou asistans redr__è__sman alont__è__m. Asistans sa a se pr__è__ lajan ki gen enter__è__ ki ba epi li disponib pou tout biznis k__è__lkeswa gwos__è__ yo ki pa nan agrikilti, òganizasyon prive ki pa pou f__è __pwofi ansanm ak pou pwopriyet__è__ kay ak lokat__è__ ki gen pwopriyete yo ki domaje akòz dezas la._ _Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl konsènan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan __www.fema.gov/hurricane-irma_ [http://www.fema.gov/hurricane-irma]_, __www.informusvi.com_ [http://www.informusvi.com/]_ oswa nan __www.usviupdate.com_ [http://www.usviupdate.com/]_. Swiv nou sou_ _twitter_ _@femaregion2__._ _Pou bay lajan owa pou pwopoze tèt ou kòm volontè, kontakte òganizasyon volontè oswa charitab ou pito a atravè Ajans Nasyonal Volontè ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  __ Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don lajan kach bay ajans volontè yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo refè. Fondasyon Kominotè Zile Vyèj (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyèj yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_._