YO ANKOURAJE ABITAN ZILE VYÈJ AMERIKEN YO POU YO VOYE TOUNEN DOKIMAN PRÈ SBA YO [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/us-virgin-islanders-urged-return-sba-loan-packets] Release Date: October 4, 2017 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – Sivivan Zile Vyèj yo apre pasaj Siklòn Irma oswa Siklòn Maria ki fè demann pou asistans pou dezas opre Ajans Federal Jesyon Dezas (Federal Emergency Management Agency, FEMA) gendwa kontakte Administrasyon Etazini pou TiBiznis (U.S. Small Business Administration, SBA). Moun yo te mande prezante yon aplikasyon pou prè SBA pou dezas ki gen yon to enterè ki ba pa ta dwe ezite pou aplike. Li enpòtan pou sivivan yo konnen yo pa oblije aksepte yon prè SBA, si yo ofri yo yon prè. Si yo pa kalifye pou yon prè, SBA pral voye yo al jwenn FEMA epi yo ka konsidere yo pou lòt sibvansyon  FEMA pou Asistans pou Lòt Bezwen (Other Needs Assistance, ONA). Asistans sa a bay pwoteksyon pou reparasyon machin ki gen pou wè ak dezas, rad, atik kay ansanm ak lòt bagay toujou. Sivivan yo pa kapab konsidere pou sibvansyon ONA, eksepte si yo ranpli nèt epi voye tounen demann aplikasyon pou prè SBA an. Sèten kalite ONA pa depannde si moun lan ranpli nèt demann aplikasyon SBA an. Pami ONA sa yo gen depans medikal, fineray ak pou dan. Kikonk, li pa nesesè pou prezante aplikasyon SBA an pou resevwa tip sibvansyon sa yo. Pandan y ap planife kijan y ap ka refè, sivivan yo bay tèt yo plis opsyon, jan sa posib. Lèyo prezante aplikasyon an, li posib pou yo konsidere yo pou sibvansyon adisyonèl, epi moun ki kalifye pou yon sibvansyon pral gen resous sa a ki disponib pou yo, si yo dakòpou itilize l. Aplikan yo gendwa aplike sou Entènèt grasa wèbsayt sekirize SBA an nan https://disasterloan.sba.gov/ela. W ap jwenn enfòmasyon konsènan asistans pou dezas nan https://www.sba.gov/disaster-assistance. Aplikan yo gendwa rele tou Sant Sèvis Kliyan SBA an nan 800-659-2955 oswa voye yon imèl nan disastercustomerservice@sba.gov pou jwenn plis enfòmasyon konsènan asistans pou dezas SBA an. Moun ki soud oswa ki di pou tande gendwa rele nan 800-877-8339. Pwopriyetè kay yo gendwa prete jiska $200,000 nan men SBA pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pwopriyetè kay ak lokatè yo gendwa prete jiska $40,000 pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl yo. Biznis yo gendwa prete jska $2 milyon dola pou nenpòt konbinezon domaj pwopriyete oswa domaj ekonomik. Dat limit pou prezante aplikasyon pou domaj yon pwopriyete sibi se 6 NOVANM 2017 pou Siklòn Irma ak 20 NOVANM 2017 pou Siklòn Maria. Dat limit pou voye tounen aplikasyon pou domaj ekonomik se 7 jen 2018 pou Siklòn Irma ak 20 jen 2017 pou Siklòn Maria. Abitan Zile Vyèj yo ki poko enskri opre FEMA, kapab fè l sou Entènèt nan www.DisasterAssistance.gov [http://www.disasterassistance.gov/], Panyòl nan www.DisasterAssistance.gov/es [http://www.disasterassistance.gov/es], oswa nan telefòn nan 800-621-3362 oswa (TTY) 800-462-7585. Moun ki itilize 711-Relè oswa Sèvis Relè Videyo gendwa rele nan 800-621-3362. Nimewo telefòn gratis yo ap mache koumanse 7è nan maten rive 11è leswa (è lokal) 7 jou sou 7, jiska yo bay yon lòt anons. Operatè yo pare pou ede sivivan yo ann Angle, Panyòl ak nan anpil lòt lang toujou. ### _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koul__è__, relijyon, nasyonalite, s__è__ks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. __Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (s__è__vis vokal, 711/VRS – S__è__vis Rel__è__ Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operat__è__ ki pale plizy__è__ lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip ent__è__vansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo__. _ _Pou jwenn enfòmasyon ofisy__è__l kons__è__nan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan __www.fema.gov/hurricane-irma_ [http://www.fema.gov/hurricane-irma]_, __www.informusvi.com_ [http://www.informusvi.com/]_ oswa nan __www.usviupdate.com_ [http://www.usviupdate.com/]_. Swiv nou sou_ _twitter_ _@femaregion2__._ _Pou bay lajan owa pou pwopoze t__è__t ou kòm volont__è,__ kontakte òganizasyon volont__è__ oswa charitab ou pito a atrav__è__ Ajans Nasyonal Volont__è__ ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  _ _Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volont__è__ yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo ref__è__. __Fondasyon Kominotè__ Zile Vyè__j (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyè__j yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_.  _