EKIP ENTÈVANSYON VIRGINIA TASK FORCE 1 FINI TRAVAY LI ST. CROIX [https://www.fema.gov/ht/press-release/20210317/virginia-task-force-1-completes-operations-st-croix] Release Date: September 25, 2017 ST. CROIX, ZILE VYÈJ – Ekip Entèvansyon Virginia Task Force 1 Rechèch ak Sovtaj lan te fini travay li St. Croix apre li te fè divès aktivite rekonesans apre pasaj siklòn Irma ak Maria. [Eight members of Virginia Task Force 1 help load supplies onto a helicopter.]Aktivite ekip la gen ladann operasyon rechèch ak sovtaj, evakyasyon ak rechèch sou latè aj sèvis medikal ijans nan zòn ki plis enpakte yo. Depi yo fin ateri sou zile la, twa gwoup sovtaj — ki chak te gen kapasite pou itilize chen pou fouy — touswit te kòmanse travay pou degaje ri yo pou sivivan yo kapab kite kay yo san danje pou ale chèche sèvis ijans ak pwovizyon. Manm ekip li ki te resevwa fòmasyon medikal te bay sivivan ki te bezwen yo swen, ikonpri plizyè moun kit e bezwen dyaliz. Ekip Entèvansyon Virginia Task Force 1 se yon ekip manadjè, planifikatè ak anplwaye para-medikal pou ijans. Gen ladann espesyalis nan jeni estrikti, greman lou, sovtaj nan bilding ki tonbe, lojistik, materyo danjre, kominikasyon ak rechèch ak chen epi rechèch teknik. Foto/Ekip Entèvansyon Virginia Task Force 1. [Nine members of the Virginia Task Force 1 line up for a group photo. The men in the middle are holding up the US flag.A search and rescue dog sits in front of the group.] [Two military personnel on the left and two search and recue team members on the right look at a map of St. Croix on a wall.][Three members of the Virginia Task Force 1 team, one in the foreground and two more further down the trail, walk down a road covered with debris from the trees.] Pou wè foto Ekip Entèvansyon Virginia Task Force 1, tanpri klike sou lyen ki anba la yo:   https://www.fema.gov/media-library/assets/images/142839 https://www.fema.gov/media-library/assets/images/142838 https://www.fema.gov/media-library/assets/images/142835 https://www.fema.gov/media-library/assets/images/142834 ### _Gen asistans pou retabli ki disponib bay tout moun san nou pa gade ras, koul__è__, relijyon, nasyonalite, s__è__ks, laj, andikap, kapasite pou pale Angle oswa nivo ekonomik. __Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan 800-621-3362 (s__è__vis vokal, 711/VRS – S__è__vis Rel__è__ Videyo) (TTY: 800-462-7585). Operat__è__ ki pale plizy__è__ lang disponib (peze 2 pou Panyòl)._ _Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen nou ak ekip ent__è__vansyon ijans yo pou asire n ap travay men nan lamen antanke nasyon pou konstwi, kenbe ak amelyore kapasite nou pou pare, pou pwoteje nou, pou reponn ak pou nou retabli epi pou nou redwi tout danje yo__. _ _Pou jwenn enfòmasyon ofisy__è__l kons__è__nan aktivite retablisman yo apre pasaj Siklòn Irma, tanpri al gade nan __www.fema.gov/hurricane-irma_ [http://www.fema.gov/hurricane-irma]_, __www.informusvi.com_ [http://www.informusvi.com/]_ oswa nan __www.usviupdate.com_ [http://www.usviupdate.com/]_. Swiv nou sou_ _twitter_ _@femaregion2__._ _Pou bay lajan owa pou pwopoze t__è__t ou kòm volont__è,__ kontakte òganizasyon volont__è__ oswa charitab ou pito a atrav__è__ Ajans Nasyonal Volont__è__ ki Aktif pandan Dezas (National Voluntary Agencies Active in Disasters, NVOAD) nan __www.nvoad.org_ [http://www.nvoad.org/]_.  _ _Moun ki ta renmen ede yo ta konsidere ke don LAJAN KACH bay ajans volont__è__ yo plis fleksibilite pou jwenn resous li plis bezwen yo epi sa ede ponpe lajan nan ekonomi lokal la pou ede biznis yo ref__è__. __Fondasyon Kominotè__ Zile Vyè__j (The Community Foundation of the Virgin Islands) gen tou yon “Fon pou Zile Vyè__j yo” nan __www.__USVIrecovery.org_ [http://www.usvirecovery.org/]_.  _