PWOGRAM OPERASYON TWATI BLE DISPONIB NAN KÈK KONTE NAN FLORID [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230425/operation-blue-roof-program-available-some-florida-counties] Release Date: September 16, 2017 TALLAHASSEE, FLA. - Kò Enjenyè Lame Ameriken  an (USACE) te enstale premye twati tanporè pou pwogram Operasyon Twati Ble a Samdi nan Konte Collier. “Premye enstalasyon twati tanporè a se yon pwogrè enpòtan pou moun yo ki te afekte pa Siklòn Irma,” te deklare Kolonèl. Jason Kirk, kòmandan distri. “Kouvèti ble a se yon siy byen klè pou kominote a ki asire sekirite, pwoteksyon, ak lapè despri se pi gwo priyorite nou.” Operasyon Twati Ble se yon kouvèti tanporè ble an plastik pou ede redwi plis domaj nan pwopriyete a jiskaske yo ka fè reparasyon pèmanan.  Yo enstale fèy an plastik ble yo lè yo itilize bann bwa ki sekirize twati a avèk klou oswa vis.  Pwogram sa a disponib gratis pou mèt kay ki kalifye yo nan Konte BROWARD, CHARLOTTE, COLLIER, DESOTO, GLADES, HARDEE, HENDRY, HIGHLANDS, HILLSBOROUGH, LEE, MANATEE, MIAMI-DADE, MONROE, PALM BEACH, PINELLAS, POLK, AK SARASOTA. Yo ka ajoute lòt konte yo nan yon lòt dat. Se sèl rezidans prensipal yo ki gen twati estanda an bado ki kalifye pou resevwa yon twati ble tanporè. Twati metal ak kay mobil yo ka repare kòm pratik sou yon baz ka-pa-ka. Twati yo ki genyen plis pase 50 pousan domaj nan estrikti yo pa kalifye pou pwogram sa a. Pou kay ki lwe yo, nou dwe jwenn pèmisyon legal nan men mèt kay la pou nou ka enstale yon twati ble. Lokatè yo dwe jwenn pèmisyon legal tou nan men pwopriyetè yo pou yo ka kontinye abite kay la jiskaske yo fin fè reparasyon pèmanan yo. Pwopriyetè kay yo dwe siyen yon fòm Dwa Antre [Right of Entry (ROE)] pou pèmèt anplwaye gouvènman ansanm avèk kontraktè yo antre nan pwopriyete yo pou evalye domaj la epi enstale kouvèti tanporè a. Ekip Corps a ap etabli Sant koleksyon ROE yo nan zòn pratik nan katye a. Yap distribye dènye enfòmasyon sou adrès sant koleksyon yo nan chak konte chak jou. (PLIS)   Pwogram Operasyon Twati Ble Disponib nan kèk Konte nan Florid – Paj 2 Sant Koleksyon Dwa Antre lokalize nan [Right of Entry]: KONTE COLLIER 2800 North Horseshoe Dr. Naples, FL 34104 The Growth Center 310 Alachua St. Immokalee, FL 34142 KONTE LEE Lowe’s Home Improvement 8040 Dani Dr. Fort Myers, FL 33966 KONTE PINELLAS 12629 Ulmerton Rd., Largo, FL 33774 KONTE  SARASOTA Bee Ridge Park 4430 South Lockwood Ridge Road Sarasota, FL 34231 Sant koleksyon yo ouvè apati 8 A.M. POU RIVE 6 P.M. Yo ka ajoute lòt lokasyon si nesesè. Enfòmasyon aktyèl disponib sou sitwèb Distri Jacksonville nan www.saj.usace.army.mil/BlueRoof   [http://www.saj.usace.army.mil/BlueRoof]ak nan 1-888-ROOF-BLU (1-888-766-3258). Enfòmasyon yo disponib alafwa nan lang Angle ak Panyòl nan nimewo sa a. ### Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke antanke peyi nap travay ansanm pou bati, soutni ak amelyore kapasite nou pou prepare pou, pwoteje kont, reponn a, rekipere nan,  ak diminye tout danje yo. _Asistans pou rekipere nan Katastwòf disponib san konte sou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, Konpetans Angle oswa estati ekonomik.  Si oumenm oswa yon moun ou konnen te sibi diskriminasyon, rele liy telefòn gratis FEMA nan  800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele  800-462-7585._ _Asistans lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans medikal ak dantè, ak depans pou fineray ak antèman pa egzije pou moun nan aplike pou yon prè SBA. Toutfwa, aplikan yo ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo a yon ofisye prè SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri pwopriyete pèsonèl, reparasyon veyikil oswa ranplasman, ak depans pou demenaje ak estoraj.  _