Ogmantasyon Frè Konfòmite nan Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon an Kapab Ede avèk Rekonstriksyon

Release Date Release Number
R4-DR-4399-FL FS 031
Release Date:
February 15, 2019

Si ou genyen yon kontra avèk Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (NFIP) an epi kay ou te domaje grav akoz inondasyon nan Siklòn Michael e li sitiye nan Zòn ki gen Risk Espesyal pou Inondasyon, ou kapab mande ekspè reklamasyon w nan oubyen ajan asirans ou a pou enfòmasyon sou pwoteksyon Ogmantasyon Frè Konfòmite (ICC).

 

Anba pwoteksyon sa a, ou kapab elijib pou w resevwa jiska $30,000 pou ede peye depans pou travay pou kay ou an vin respekte kondisyon jesyon plèn inondasyon nan kominote w la yo. Administratè plèn inondasyon kominotè w la kapab ba w enfòmasyon sou kondisyon sa yo.

 

Pwoteksyon ICC se yon sipleman pou pwoteksyon pou reparasyon domaj fizik reyèl nan bilding nan ki rive akoz inondasyon.

 

Apre yon inondasyon, otorite local yo detèmine si yon estrikti te gen "domaj grav."  Domaj grav vle di depans pou rekonstwi a plis pase 50 pousan valè kay la anvan inondasyon an. Yon detèminasyon domaj grav vle di kay la pral oblije satisfè kòd ak òdonans aktyèl yo lè li te konstwi a.

 

Finansman ICC yo kapab ede ranbouse depans pou elve, rann twati enpèmeyab, demoli oubyen deplase yon estrikti rezidansyèl. Pwoteksyon ICC disponib tou pou bilding ki pa rezidansyèl, tankou bilging leta oubyen bilding gouvènman pa egzanp lekòl, bibliyotèk ak estrikti minisipal ki gen kontra asirans NFIP.

 

Ou dwe soumèt yon demann pou ICC sou 60 jou apre avi kominote w la emèt sou domaj grav la. NFIP pran desizyon konsènan reklamasyon moun soumèt apre 60 jou an fonksyon de ka a.

 

Pou plis enfòmasyon sou kesyon jeneral pou asirans inondasyon, kontakte administratè lokal pou plèn inondasyon w lan, NFIP nan 800-427-4661, oubyen ajan asirans ou a. Ou kapab voye yon imèl tou nan FloodSmart@dhs.gov  pou w mande enfòmasyon nan yon lang ki pa Anglè. Enfòmasyon disponib tou nanFEMA.gov ak FloodSmart.gov.

###

Tags:
Dènye mizajou