South Carolina: Fèy Enfòmasyon pa Semèn konsènan Ouragan Ian – 13 Janvye 2023

Release Date:
Janvye 6, 2023

Redrèsman dapre Chif

  • $1,685,155 ki apwouve pou asistans pou lojman
  • $315,550 ki apwouve pou lòt bezwen ki gen rapò avèk katastwòf la
    • $1,566,600 nan  prè SBA akòde akòz katastwòf la te apwouve pou pwopriyetè kay lokatè ak biznis yo
  • Dat limit pou aplike pou asistans  FEMA se lendi 23 janvye 2023.

Mesaj Kle yo

Enskripsyon pou Asistans Federal FEMA ap fèmen nan Yon Semèn

  • Pwopriyetè kay ak lokatè nan konte Charleston, Georgetown ak Horryki te gen domaj nan kay yo apre Ouragan Ian gen jiska lendi 23 janvye, pou yo aplike pou asistans federal akòz katastwòf la.
    • Pou aplike pou asistans FEMA, ale sou sitwèb DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobilFEMA oswa rele Liy Èd FEMA nan nimewo 800-621-3362. Operatè Liy Èd yo pale anpil lang epi liy yo louvri depi 7 a.m. Jiska 11 p.m.Chak jou.

Jwenn Konsèy konsènan Reparasyon Rekonstwiksyon ant 10 ak 14 Janvye nan Home Depot ki nan Myrtle Beach

  • Sitwayen k ap repare ak rekonstwi kay yo apre Ouragan Ian kapab ale nan Home Depot ki nan Myrtle Beach pou yo resevwa sijesyon ak konsèy sou fason pou fè kay yo pi solid ak pi pwoteje kont siklòn ak lòt danje. 
    • 10-14 janvye, 8 a.m. jiska 6 p.m.; Home Depot, 951 Oak Forest Lane, Myrtle Beach, SC 29577
    •  16-21 janvye, 8 a.m. jiska 6 p.m.; Home Depot, 620 Hwy. 17 N, North Myrtle Beach, SC 29582

Prè SBA akòz Katastwòf Ede Sitwayen South Carolina yo rekonstwi Kay yo yon fason pi Solid

  • Sitwayen ak pwopriyetè biznis South Carolina ki gen pwopriyete yo ki te pran domaj akòz Ouragan Ian ant 25 septanm ak 4 oktòb kapab rekonstwi pwopriyete yo yon fason pi solid depi yo aplike pou prete lajan akòz katastwòf nan  Administrasyon Ti Biznis Ameriken (U.S Small Business Administration, SBA). Pwogram pou prete lajan akòz katastwòfgen ladan finansman pou diminisyon dega pou redui domaj pidevan nan pwopriyete yo nan yon katastwòf sanblab. https://www.sba.gov/funding-programs/disaster-assistance/mitigation-assistance
    • Pifò moun ki aplike yo ka kalifye pou yon ogmantasyon nan lajan y ap prete a jiska 20 pousan domaj fizik yo, jan SBA verifye sa, pou yo fè depans reparasyon yo. Finansman prè pou diminisyon dega se yon diplis nan kantite lajan prè yo apwouve akòz katastwòf la. Menmsi sitwayen yo te gen pifò domaj yo kouvri avèk asirans, yo kapab aplike pou prete yon kantite lajan minimòm nan SBA akòz katastwòf pou diminisyon dega avèk enterè ki ba pou yo fè reparasyon pou pwoteje kay yo oswa biznis yo.

Fason pou Prezante Dokiman ki Montre ou se Pwopriyetè oswa Lokatè Kay pou FEMA

  • Nan pwosesis asistans lan akòz katastwòf la, FEMA dwe detèmine moun ki posede oswa lwe kay ki domaje a se adrès prensipal li. FEMA te fè li pi fasil pou sivivan katastwòf yo nan konte Charleston, Georgetown ak Horry ki te fèt nan Ouragan Ian pou verifye yo se pwopriyetè oswa lokatè kay yo.fema.gov/fact-sheet/how-document-home-ownership-and-occupancy-fema-0

Asistans akòz Katastwòf Disaster

Fason pou Konteste Desizyon FEMA

Tags:
Dènye Mizajou