FEMA Ankouraje Aksyon kounye a pou anpeche pwoblèm nan Inondasyon Prentan

Release Date:
Avril 5, 2021

Anvan rivyè yo monte nan inondasyon prentan, gen aksyon ou kapab pran pou asire dlo pa koze pwoblèm nan kay ou.

Tanperati kap monte ak yon Gulf of Mexico ki pi cho ka vle di plis imidite nan lè a ak plis sistèm move tan tankou sa ki te genyen nan Out 2016 ki te devaste pati nan sid Louisiana ki te lakoz plizyè milyon dola nan domaj.

Gen fason pou pwoteje lavi ou te konstwi, e se toujou yon bon tan pou prepare pou katastwòf yo. Preparasyon pou katastwòf diminye pèt ki rive toutan, difikilte finansyè ak lanmò. FEMA espere ou pral konsidere opsyon mitigasyon apre ou fin wè kisa ki te travay pou lòt moun nan kay ak kominote yo.

Kisa ou bezwen konnen:

Kontwòl dega redwi risk yon kay.  Li pèmèt rezidan yo retounen lakay yo pi rapid, avèk mwens danje, apre pwochen tanpèt la.  Pandanke li kapab koute plis pou kòmanse, kontwòl dega rekonpanse nan lontèm.  Anfèt, estimasyon yo sou nivo mwayèn pou chak dola ki depanse sou kontwòl dega, ou economize sis nan pwochen pèt yo.  

Men kèk aksyon ou kapab pran anvan pwochen gwo tanpèt la gen ladan:

  • Eleve (monte piwo) oswa oswa fè machin alave w rezistan avèk inondasyon, sechwa, aparèy pou chofe dlo ak sistèm HVAC. Si posib, deplase aparèy elektwo-menaje sa yo soti nan sousòl ou pou dezyèm etaj oswa galata.
  • Deplase priz elektrik yo nan twa pye de atè a.
  • Bouche mi sousòl ou avèk konpozan ki rezistan avèk dlo.
  • Eleve konpresè deyò klimatizè 2-3 pye.
  • Achte asirans inondasyon lè ou rele konpayi asirans ou oswa ajan endepandan lokal la ki kappa ekri asirans inondasyon dirèkteman avèk Pwogram Nasyona Asirans Inondasyon.

Resous:

Pou w jwenn enfòmasyon sou planifikasyon mitigasyon Louisiana vizite: https://getagameplan.org/make-a-plan/mitigation-plan/

 

 

Tags:
Dènye Mizajou